Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP a, manm yo gentan antann yo rapid vit e mete kanpe biwo konsèy elektoral la malgre yo pa konplè.

Yon biwo ki fòme konsa Patrick Saint-Hilaire ki se reprezantan legliz katolik Prezidan, reprezantant sektè vodou a, Schnaida ADELY vis prezidant, Nemrod SANON ki se reprezantan sektè sendikal la, sekretè jeneral e Jacques DESRORIERS, reprezantan laprès la, Trezorye. Nan kanpe biwo sa reprezantan dwa moun yo malgre yo voye reprezantan yo manm « konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout yo » pa nome yo, se prèske menm pwoblèm nan pou sektè fanm nan ki yo menm nan konfli antre yo pa patisipe nan mete biwo a sou pye donk, se yon bout konsèy.

Mache prese sa vini kèk jou apre chèf BINUH an nan peyi Dayiti, Maria Isabel Salvador te mande sa jou ki te 14 oktòb 2024 la devan gwoup konsiltatif Ad Hoc konsèy ekonomik ak sosyal nasyon zini yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …