Ayiti/Ensekirite: Plizyè elèv blese anba bal jounen lendi 21 oktòb 2024 la, yon paran mouri.

Plizyè elèv nan komin Lestè nan Latibonit blese anba bal bandi, yon paran mouri nan mitan jounen lendi 21 oktòb 2024 la.

Selon enfo nou rive jwenn elèv yo viktim nan moman yon gwoup bandi ki pote non 5Etwal ki se alye gwoup bandi « Kokorat san ras » te atake lokal « école presbytérale congrégationaliste de l’Estère » a kote, bandi yo ki te sou moto ouvri kout bal sou lekòl la ki te apèn lage.

Elèv ki viktim yo ap pran swen nan lopital « Saint-Nicolas » a nan vil Senmak, paran ki te resevwa bal la mouri, yon sityasyon ki mete gwo laperèz nan mitan paran ak elèv yo nan ba Latibonit lan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …