Nouvèl lòt bò dlo /Venezwela: Juan Guaido swete antre venezwela jounen lendi an.

Juan Guaido dwe antre jounen lendi 4 mas 2019 lan nan peyi venezwela, malgre menas arestasyon ki sou dol paske 22 fevriye 2019 dènye li te vyole entèdiksyon pou l pat kite Peyi an. Nan kad yon anket preliminè ki kondane l pou vòlé pouvwa. Mezi sa a te entèdi l kite venezwela. Men li te ale kolonbi pou tante fè antre èd imanitè yo ki te bloke sou fwontyè a men li echwe. Li lanse yon nouvèl manifestasyon.

Anplis pou li retounen, Juan Guaido konvoke yon manifestasyon nan tout peyi a jounen lendi an. Yon nouvo defi pou Nicolas Maduro, ki di lidè opozisyon an gen kont pou l rann ak lajistis.

Gran konfli sa a lage anpil enkyetid lakay kominote entènasyonal la, ni bò kote venezwelyen yo tou paske nou nan moman kanaval men lari an vid nan kapital peyi an, Caracas.

Aprè plizyè semèn makonnen ak anpil tansyon, sanble kòmanse gen yon kal lakay moun yo men dout lan toujou la.

Peterson Louis.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Eleksyon: San pèdi tan, manm bout KEP yo fòme biwo yo.

Nan mwens ke 24è, apre yo te fin prete sèman e estale kòm manm KEP …