PREZIDAN AMERIKEN AN DONALD TRUMP RELE PREZIDAN WISI VLADIMIR POUTINE NAN TELEFON.

Enfo pi lwen lakay: Prezidan ameriken Donald Trump rele prezidan Wisi a Vladimir Poutine nan telefòn e felitel pou eleksyon yo ke Poutine genyen dimanche 18 mas 2018 la a 76.7% vwa yo, de (2) prezidan yo antann pou yo ta rankontre nan pi wo nivo.

Yon apèl ki pa fè senate repibliken an John Mc.Cain  plezi ditou, senatè a soti yon kominike pou kritike prezidan ameriken an Donald Trump kote li denonse prezidan an, selon li kap ankouraje yon dictatè e yon moun ki genyon eleksyon nan gwo ponyèt.

Reprezantan demokrat la bò kote pal fè prezidan ameriken an konnen ke Vladimir Poutine pa yon demokrat e lap eseye kraze demokrasi a.

 

 

 

 

 

kredi foto: Donald J. Trump (@realDonaldTrump) | Twitter

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …