Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump ak plizyè lòt gwo chabrak nan gouvènman li an tankou: @MelaniaTrump, @MarcoRubio, @ElonMusk, @TuckerCarlson, @JoeRogan.

Premye dàm nan frape pòt moun sa yo pou li  mande yo pou ede li jwenn jistis pou mari li nan deklase dosye yo ki fèmen nan tiwa lakay yo ak nan peyi Dayiti, li fè yo konnen mari li Jovenel Moïse tap goumen menm jan ak prezidan ameriken an Donald Trump ki ap goumen pou konbat koripsyon e bay peyi li yon lòt imaj malerezman koriptè yo touye li, li fè konnen moun sa yo ki fè zak sila yo ap koupe rache nan pouvwa a san pwoblèm.

Martine Moïse frape pòt gwo zotobre sa yo nan yon twit li fè sou kont X li jounen 10 fevriye 2025 lan.

About Echojounal

Check Also

Ayiti/delegasyon: Yon delegasyon anplwaye Ona ateri nan vil la.

Byen boné maten vandredi 31 oktòb 2025 lan yon sendika anplwaye Ona ki pote non …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager