Ayiti/Ensekirite: Gouvènman defakto a nan wout pou fè viktwa sou pèp Mibalè a.

Gouvènman defakto a nan tèt kole ak konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout la nan wout pou fè gwo viktwa sou popilasyon an Mibalè a apre gwoup bandi « Viv Ansanm » yo atake byen bonè maten lendi 31 mas 2025 lan komin nan.

Malgre bandi yo te anonse sa, otorite defakto yo pat pran okenn mezi pou te anpeche sa, nan moman nou ap pale la se gwo kouri nan Mibalè, popilasyon an ap kouri nan tout sans, bandi yo ap pwogrese, selon enfo yo bandi yo fè anpil dega, yo mete dife nan plizyè machine, yo kraze prizon an e libere tout prizonye yo, plizyè moun nan popilasyon an pran bal.

Selon anpil moun atak sa ki fèt sou Mibalè maten lendi 31 mas 2025 lan moutre a klè sa ki ap pase nan peyi a otorite yo konplis e, chak zòn bandi yo pran se yon viktwa pou gouvènman defakto a ak manm konsèy prezidansyèl chak moun fè ti kout yo.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Les États-Unis sanctionnent un gang vénézuélien supposément lié à Nicolas Maduro

Le département américain du Trésor a annoncé vendredi des sanctions contre le « Cartel de …