Apre pakè Pòtoprens te fin pran desizyon 2 out 2025 pase a pou te blanchi ansyen senatè Nip lan, Nenel Cassy, nouvo komisè gouvènman Pòtoprens lan, Frtiz Patterson Dorval retounen ak dosye a.
Komisè gouvènman Pòtoprens lan, Frtiz Patterson Dorval fè konnen jounen lendi 22 septanm 2025 lan ke li pral voye dosye mouche Nenel Cassy a nan kabinè enstriksyon pou kapab revize li.
Selon yon rapò DCPJ, ansyen senatè a nan konivans ak plizyè bandi nan kapital la, li ta gen men li tranpe nan dosye asasina ki te fèt sou Jacques Pierre Matilus ki te pran plizyè bal nan Dèlma 40 B.
Echojounal echojounal.net