Plizyè milye kretyen ak sitwayen reponn apèl twa (3) pastè yo nan Jounen samdi 3 janvye 2026 la pou yo vin mande lapè nan peyi a. Nan mitan foul la, vwa Pastè Muscadin tounen yon kout loraj kote li mande depa manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon chak moun fè ti kout la (KPT).
Depi byen bònè, lari kapital la te gen yon sèl koulè: blan. Sou envitasyon twa lidè relijye yo , yon gwo foul moun te rasanble pou yon mach pasifik pou di « Non ak san ki ap koule ». Pandan manifestan yo te ap chante kantik ak lapriyè pou mande Bondye delivrans pou peyi a, revandikasyon yo te klèman politik tou.
»KPT a pa regle anyen »
Pwen fò jounen an se te diskou Pastè Muscadin, lidè legliz Shalom nan, ki te pale ak anpil fòs devan yon foul ki te ap bat bravo. Pastè a, ki konnen pou pozisyon li ki pa nan rans ak gang yo, vize dirèkteman otorite defacto yo ki nan tèt peyi a.
»Nou pa kapab ankò! 9 manm KPT yo dwe lage pye paske yo pa regle anyen nan tèt peyi a, » se sa Pastè Muscadin deklare anba gwo ovasyon. Selon li, depi enstalasyon Konsèy sa a, sitiyasyon sekirite a sèlman vin pi mal, epi popilasyon an ap kontinye mouri anba bal gang san okenn repons serye nan men Leta.
Yon popilasyon ki ap soufri
Manifestan yo te gen pankat nan men yo ki te ekri: « Nou vle lapè », « Nou bouke kouri », oswa ankò « Chanjman tout bon an se kounye a ». Anpil nan moun ki te prezan yo di yo pèdi konfyans nan tranzisyon an epi yo sipòte pozisyon Muscadin an, ki mande yon lòt kalite lidèchip pou peyi a.
Lidè relijye yo fè konnen mach sa a se sèlman premye etap nan yon seri mouvman pou fòse otorite yo pran responsablite yo oswa kite plas la pou moun ki gen volonte pou sove Ayiti tout bon.
Yon presyon ki ap moute
Mouvman sa a rive nan yon moman kote tansyon yo wo anpil nan tout rejyon an. Pandan lemonn ap gade sa ki ap pase nan peyi Venezyela, an Ayiti, se kòlè pèp la ki ap moute kont yon gouvènman defakto yo jije ki « san fòs » devan bandi ak kriz ekonomik la.
Echojounal echojounal.net