Ayiti/dekrè elektoral: Yon soulajman pou pòch kandida yo, men gwo enkyetid sou entegrite jwèt la

Je tout moun fikse sou pwochen jout elektoral yo nan peyi a, espesyalman apre piblikasyon nouvèl dekrè elektoral ki pote plizyè chanjman enpòtan. Si sou yon bò, desizyon pou diminye frè enskripsyon yo pote yon moso soulajman pou anpil moun ki vle poze kandidati yo nan nivo lokal ak lejislatif, sou yon lòt bò, fason yo soulaje kondisyon pou moun ki gen dosye ki pa klè rantre nan ras la ap fè anpil swè frèt koule.

Dapre nouvèl dispozisyon yo, gouvèman an revize frè pou moun ka enskri yo pou divès pòs elektoral, menm si kès leta a kenbe menm nivo kondisyon an pou nivo ki pi wo a. Men ki jan barem frè yo prezante kounye a:

* Prezidans: Kondisyon an pa chanje; nenpòt moun ki vle kouri pou chèf leta dwe peye 2 000 000,00 gourdes.

* Senatè: Frè enskripsyon an fikse a 400 000,00 gourdes.

* Depite: Moun ki vle reprezante komin yo nan chanm ba a dwe depoze 100 000,00 gourdes.

* Konsèy Munisipal (Macc/Maires): Katèl yo dwe peye 50 000,00 gourdes.

* Kazék: Yo fikse frè pa katèl yo a 15 000,00 gourdes.

*Azèk: Katèl ki vle sèvi nan nivo seksyon kominal yo dwe peye 5 000,00 gourdes.

Diminisyon sa a gen pou objektif pou pèmèt plis moun, sitou sa yo ki nan nivo kominal ak seksyon kominal yo, gen aksè ak konpetisyon an san yo pa pèdi nan gwo depans depi nan batan pòt la.

Pòt louvri pou dosye ki pa klè: Kote entegrite eleksyon yo ap pase?
Men, sa ki plis ap fè pale nan mitan sosyete sivil la ak obsèvatè politik yo, se sa anpil moun konsidere kòm yon « kat blanch » yo bay sèten kandida ki pa gen men yo pwòp. Dekrè ki amande a sanble retire oubyen aleje plizyè baraj ki te konn anpeche moun ki anba sanksyon legal, moun ki gen dosye flou, oubyen ki gen gwo dèt (insolvable) poze kandidati yo.

Flou sa a nan tèks la ap souleve anpil kesyon sou ki kalite lidè ki pral dirije peyi a demen. Anpil moun ap mande èske chanjman sa yo pa soti pou kreye yon teren kote lajan ak mank etik ap vin pi enpòtan pase konpetans ak onètete. Ant analiz sou pri ak enkyetid sou moralite politik la, nouvèl dekret sa a kòmanse bat bati nan yon atmosfè elektoral ki deja gen anpil defi sou tèt li.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Eleksyon: Kisa ki chanje nan nouvo dekrè elektoral la ki pibliye nan Le « Moniteur »?

Dekrè elektoral ki sot pibliye nan jounal ofisyèl peyi a, Le Moniteur, pote plizyè gwo …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager