Ayiti/ Depòtasyon: Etazini voye 111 migran ayisyen tounen Okap, pami yo gen moun ki te gen TPS ak Pwogram Biden

Otorite ameriken yo depòte yon gwoup 111 sitwayen ayisyen jodi jedi 16 jiyè 2026 la. Avyon ki te pote yo a, yon aparèy ameriken ki gen imatrikilasyon N316, ateri nan ayewopò entènasyonal Okap la vè 2 12h45 nan aprèmidi.

Retou fòse sa a fèt nan yon moman kote sitiyasyon sekirite ak imanitè a nan peyi Dayiti konplike anpil, e li montre klèman chanjman ki genyen nan politik migratwa Lèzetazini.

Dapre premye enfòmasyon ki disponib, pwofil moun yo voye tounen yo divès anpil. Nan mitan 111 konpatriyòt sa yo genyen:
Moun ki te benefisye pwogram imanitè Humanitarian Parole (ke anpil moun konnen sou non (Pwogram Biden).
Moun ki te gen estati Pwoteksyon Tanporè (TPS).
Moun ki te gen pwoblèm ak lajistis nan peyi Etazini.

Lajistis ak sèvis migrasyon ameriken an deside anile pwoteksyon sa yo pou plizyè nan yo, sa ki lakòz yo mete yo deyò nan peyi a rapidman.

Operasyon rapatriyaman sa a antre nan kad nouvo mezi administrasyon prezidan Donald Trump ap aplike. Depi li pran pouvwa a, gouvènman ameriken an deside ranfòse kontwòl yo epi akselere depòtasyon etranje ki pa gen papye regilye yo, kote yo vize kominote ayisyen an anpil.

Retou sa a reprezante yon gwo tèt chaje pou konpatriyòt sa yo ki ap tounen nan yon peyi kote yo pa te planifye pou yo te ye jodi a, san okenn estrikti akonpayman solid pou ede yo rekòmanse lavi yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Gwo menas lanmò sou Jeff Louis: Ansyen jwè a leve vwa li pou li denonse konplo kont lavi li.

Ansyen jwè seleksyon nasyonal la ak klèb AS Mirebalais a, Jeff Louis, fè konnen lavi …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager