Otorite lapolis nan peyi Jamayik anonse yo mete men sou onz (11) sitwayen ayisyen ki te rantre san papye sou teritwa a sou lamè. Dapre premye enfòmasyon yo, entèpelasyon sa a fèt nan zòn Manchester, yon pawas ki chita nan sid zile a.
Touswit apre lapolis te fin entèsepte gwoup la sou kòt la, yo te mennen tout onz konpatriyòt yo nan sant detansyon pou rezon ankèt ak pwosedi legal ki mache ak ka imigrasyon ilegal nan peyi a.
Operasyon sa a rive nan yon moman kote gouvènman jamayiken an sere boulon siveyans li nan tout zòn kotyè peyi a. Depi kòmansman gwo ofansif fòs sekirite yo ap mennen kont gang ame yo an Ayiti, yon operasyon ki gen sipò espesyal fòs salvadoryèn yo, lapolis jamayiken an miltipliye patwouy li yo sou lanmè ak sou plaj yo.
Objektif otorite jamayiken yo se kontwole fwontyè maritim yo pi byen pou anpeche ni vag migrasyon iregilye, ni nenpòt ki eleman sispèk ta chèche rantre an kachèt sou teritwa jamayiken an.
Echojounal echojounal.net