ESPÒ/PREMYE LIG:LIVERPOOL FÈ YON SETYÈM VIKTWA AFILE.

Nan setyèm jounen chanpyona anglèa ki sinome premye lig la maten samdi 28 septanm 2019 lan byen bonè Liverpool fè tonbe ekip Sheffield United la (1-0) gras ak yon grenn gòl Wijnaldum reyalize.

Se te yon rankont ki pat parèt fasil pou yo make gòl malgre yo te eseye pran kontwòl balon an. Tou de (2) ekip yo te antre nan vestyè a ak yon eskò nil (0-0).
Reds yo ta pral oblije tann 70 minit match la gras avèk Wijnaldum ki ta pral jwenn chemen filè advèsè a.

Gras ak bèl viktwa sa ekip Liverpool la devanse ekip konkiran li an ki se Manchester City ak 8 longè ann avans.

Reds yo jodia, ki lajman domine klasman an,yo pase a 21 pwen yo toujou gen tèt klasman an pandan City dezyèm ak sèlman 13 pwen.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Le Canada, la Copa América et les questions brûlantes

Le Canada à la Copa América, on y est presque ! Le match de l’unifolié …