‎Espò/Mawòk 2026: Grenadyè U-17 yo fè « Kat sou Kat », Ayiti kraze Gwatemala epi pran direksyon dènye faz la !

Se yon moman istorik pou foutbòl feminen ayisyen an. Seleksyon nasyonal tifi yo (U-17) kontinye ap ekri non yo ak lèt lò nan premye faz eliminatwa Mondial FIFA « Maròk 2026 » la. Nan okazyon 4yèm match yo nan Gwoup C a, Grenadyè yo klase ekip Gwatemala a, yo rele « Matao » yo, ak yon skò san apèl: (3-0)

‎Match sa a, ki te jwe sou pelouz FFK Stadium nan peyi Kiraso, te konfime dominasyon total Ayiti. Depi nan premye mitan, tifi nou yo te gentan regle koze a gras ak gòl Krystel Châtelain (4′), Keisha Gue (5′) ak Kerdina Lamour (45’+1).

‎Yon pakou « Tòp Nivo »: 4 match, 12 pwen, 17 gòl !
‎Pou rive nan gwo viktwa sa a kont Gwatemala, seleksyon nasyonal la te montre anpil karaktè ak talan pandan tout konpetisyon an.

‎Men rezilta tout match ki pèmèt Ayiti fini premye nan gwoup la:
‎25 janvye Antigua-et-Barbuda (6 -1)
‎27 janvye Sainte-Lucie (5 – 0)
‎31 janvye Îles Caïmans (3 – 0)
‎2 fevriye | Guatemala (3 – 0)

‎Avèk 17 gòl make ak sèlman yon sèl gòl pran, Grenadyè yo fini faz sa a ak yon serye « Kat sou Kat ». 12 pwen sou 12 posib sa yo ba yo tikè dirèk pou dènye faz eliminatwa CONCACAF la.


‎Kounye a, travay la pral vin pi rèd. Nan dènye faz la, Ayiti pral gen pou li mezire li ak gwo tonton nan zòn nan tankou Lèzetazini, Kanada oswa Meksik. Men, ak fòm jèn fi nou yo ap afiche a, espwa pou nou wè drapo ble ak wouj la ap flote nan peyi Maròk an 2026 la pi bèl pase janm te ye anvan.

About Echojounal

Check Also

Mondial 2026 : La maire de Los Angeles appelle Washington à rassurer les supporters étrangers

À quelques mois du coup d’envoi de la Coupe du Monde de football, un vent …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager