Yon bon nouvèl pou fanm ansent ak tout popilasyon Sité Solèy la. Sèvis Medikal San Frontyè (MSF) anonse li reprann aktivite l yo depi 14 jiyè 2026 ki sot pase a nan matènite Isaïe Jeanty, ki chita nan zòn Chancerelles, bò kote Ministè Lasante Piblik ak Popilasyon an (MSPP).
Desizyon pou reprann sèvis yo rive aprè yon sipansyon ki te pran depi 19 jen pase a. Lè sa a, gwo batay ak kout zam ki te ap tire ant gwoup ame nan zòn nan te rive touche dirèkteman batiman lopital la, yon sitiyasyon ki te mete lavi pasyan yo ak travayè lasante yo nan gwo danje.
Lan yon kominike yo pibliye mèkredi 29 jiyè 2026 la, òganizasyon anviwonmantal ak medikal la fè konnen retou sa a ap pèmèt fanm yo jwenn swen medikal yo te konn abitye jwenn yo ankò. Sa se yon gwo souf pou yon zòn tankou Site Solèy, kote li te vin prèske enposib pou moun jwenn swen sante poutèt sitiyasyon sekirite a ki konplike anpil.
Matènite Isaïe Jeanty se youn nan rann ti kote ki rete ap bay sèvis pou swen fanm ak timoun nan nivo sa a nan kapital la. Repriz sèvis sa yo montre jan li enpòtan pou yo pwoteje sant medikal yo pou popilasyon an pa pati anba konsekans vyolans yo.
Echojounal echojounal.net