Ayiti/Bahamas/Migrasyon: 61 ayisyen ki soti nan peyi Bahamas tounen nan peyi a.

Yon gwoup 61 moun peyi Ayiti, ki gen ladan l 15 fanm ak 46 gason, rive nan ayewopò entènasyonal « Cap-Haïtien » an madi 28 jiyè 2026 la, apre otorite nan peyi Bahamas te fin rapatriye yo.

Nouvèl la soti nan yon kominike Ministè Condition fanm (MCFDF) pibliye. Ministè a, ak tèt li Pedrica Saint Jean ansanm ak Biwo Nasyonal Migrasyon (ONM), te la pou resevwa yo epi ba yo chak yon anvlòp pou ede yo.

Otorite defakto yo pwomèt moun sa yo ap jwenn:
.Yo swivi medikal, sikolojik ak sosyal.
.Yon kote ki an sekirite pou rete, sitou pou fanm ki pi frajil yo.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Eleksyon: KEP ak MEF chita pale sou bidjè pwochen eleksyon yo nan peyi a.

Nan kad preparasyon pou pwochen konsiltasyon elektoral yo nan peyi a, manm Konsèy Elektoral Pwovizwa …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager