Apre yon premye soti ki te fini ak yon defèt (3-0) devan Etazini, seleksyon ayisyèn ki gen mwens pase 20 lane a (U20) reyaji nan 2yèm jounen Chanpyona U20 Concacaf la lè li bat Kiba (3-2).
Gran viktwa sa a pèmèt jèn Grenadye yo pran 3 premye pwen yo nan Gwoup A a e relanse konplètman chans yo pou yo kalifye pou ka de final konpetisyon an.
Ekip ayisyèn nan te pran kontwòl match la depi nan premye mwatye a. Nan 16yèm minit, Miguel Joseph ouvri score la apre li te pwofite yon balon gadyen kiben an te repouse (1-0).
Ayiti te kontinye peze e li te vin jwenn yon penati nan 34yèm minit. Franco Célestin pa te tranble e li te double avantaj la (2-0) anvan ekip yo te ale nan vestyè.
Nan dezyèm mwatye a, Kiba te redwi ka a nan 80yèm minit sou yon kou fran Yankarlos Iglesias (2-1). Men nan tan adisyonèl la, Jacquet Da-Benz mete 3yèm gol Ayiti a nan 90’+1 minit (3-1). Malgre yon dènye gol Robert Zerquera te fè pou Kiba nan 90’+4 (3-2), Grenadye yo te kenbe avantaj la jiskaske abit la soufle fen match la.
Apre viktwa sa a, Ayiti gen 3 pwen nan klasman an. Jèn Grenadye yo ap jwe yon match desizif pou qualification an nan 3yèm jounen an kote yo pral afwonte El Salvador. Yon lòt viktwa ap asire yo yon plas pou ka de final yo.
Echojounal echojounal.net