Seleksyon nasyonal gason Ayiti a ki gen mwens pase 20 lane yo (U20) pa te fè dous ak ekip Anguilla a pou premye match yo nan eliminatwa Koup Dimond 2027 la. Nan stad Rignaal Jean Francisca ki nan kapital Kiraso a, jèn Grenadiye yo bay yon leson foutbòl ak yon eskò san apèl: (7-0)
Depi nan kòmansman match la, ti mesye Raúl Valentín Gonzalez Triana yo te montre yo grangou. Se Franco Célestin ki te ouvè baryè a depi nan 9yèm minit jwèt la. Apre li te fin resevwa yon bèl pas nan men Arthur Alcimé, Célestin pati nan yon aksyon sèl pou kont li, li « mize » sou lateral gòch Anguilla a anvan li te al mete boul la nan fon filè.
Dominasyon ayisyen an te kontinye kèk minit apre. Nan 15yèm minit, Will Amstrong Leconte double miz la pou Ayiti sou yon bèl aksyon Franco Célestin te prepare pou li. Se ak avantaj de gòl sa a (2-0) ekip ayisyen an te rantre nan vestyè a.
Si premye mitan an te mèg nan gòl, dezyèm peryòd la te tounen yon veritab festival atak:
- Ekip la te kontinye sakaje defans Anguilla a ki pa te ka kenbe vitès Grenadiye yo.
- Efikasite devan gòl la pèmèt Ayiti ajoute 5 lòt gòl pou fini match la an bote ak yon (7-0)
Viktwa sa a se yon gwo siyal ekip ayisyen an voye bay tout lòt advèsè nan gwoup la. Non sèlman yo pran 3 pwen yo, men yo mete yon bèl diferans gòl nan kanè yo, sa ki ka trè enpòtan pou rès konpetisyon an.
Grenadiye yo gen randevou pou pwochen match yo, kote fanatik yo espere wè menm nivo detèminasyon ak efikasite sa a sou teren an.
Echojounal echojounal.net