Rezo Ayisyen Jounalis Kont Koripsyon (RHAJAC) voye yon gwo kout kòlè kont yon sistèm kriminèl li di ki ap moute bwa sou do pèp la. Dapre sa òganizasyon an rapòte nan yon nòt pou laprès, genyon konplo solid ant nèg ak zàm yo, ajan lapolis koronpi ak kèk gwo biznisman nan sektè maritim lan pou anpeche machin sikile sou tè ant Maryani ak Gresye, bi pou yo ka fòse moun peye gwo lajan pa bato.
Dapre deklarasyon kowòdonatè jeneral Mouvman Inifye Transpòtè Ayisyen yo (MUTH), Diclos Bénissoit, te fè sa gen anviwon sèt semèn nan emisyon « Haïti Dekante » sou Radyo Tele Ginen, sitiyasyon sa a tounen yon vrè biznis san skripil.
Blokaj wout la pa soti nan tèt gang yo sèlman, se yon machin faksyonnè ki ap brase gwo lajan sou do malere. Men ki jan rezo sa a ap devalize sitwayen yo :
Pase yon machin sou bato koute ant $1,500 ak $3,000 USD
Yon Kamyon machandiz ki ap pase nan zòn gang peye jiska 500,000 goud.
Flòt maritim ki ap fè trajè a plis pase 32 bato.
Lajan rezo a ap ranmase pa mwa konn rive pou pi piti $54 milyon USD
Pandan gwo lajan sa yo ap tonbe nan pòch mafya a, popilasyon nan Gransid la ap mouri anba grangou, pri pwodwi yo moute syèl la, epi gen yon gwo rari sou tout sa moun bezwen pou yo viv.
RHAJAC raple tou deklarasyon Direktè Jeneral Lapolis Nasyonal la (PNH), André Jonas Vladimir Paraison, ki te rekonèt piblikman blokaj wout nasyonal yo gen gwo enterè ekonomik dèyè yo, epi se pa gang yo sèlman ki ap pwofite de sa.
Anplis de sa, nòt la mete aksan sou divès akizasyon medya « Satellite509 » ap pote depi plizyè lane kont Steeve Khawly ak Joël Khawly kòm moun ki ta gen lyen ak ensekirite sa a. Malgre sanksyon peyi Kanada te pran kont Steeve Khawly depi 23 mas 2023, ak tout gwo eskandal ki te genyen sou zafè diri anpwazonnen « Riz Chef » la, rezo sa yo ap kontinye opere san kè sote nan mitan peyi a.
Fas ak sitiyasyon kote Leta sanble ap bay rezo sa yo pwoteksyon politik oubyen ap fè kòmsi li pa wè, Sekretè Jeneral RHAJAC la, Djovany Michel, mande pou genyen :
Yon ankèt endepandan san pèdi tan sou tout lajan sistèm sa a ap brase.
Yon limyè klè sou konplisite ki genyen ant kèk polisye ak aktè ekonomik yo.
Pou RHAJAC, li pa posib pou yon peyi ap koule konsa pandan yon ti gwoup moun ap rasanble milyon sou san ak dlo nan je popilasyon an.
Echojounal echojounal.net