Nan yon moman ki chaje ak anpil emosyon ak senbolis pou listwa, tout depite franse yo vote , jedi 28 me 2026 la, yon pwopozisyon lwa pou aboli fòmèlman « Kòd Nwa » (Code noir) a ansanm ak tout lòt ansyen tèks legal ki te konn rann lesklavaj lejitim nan koloni franse yo.
Malgre lesklavaj te aboli depi lane 1848 an Frans, lwa rasis ak teworis legal sa yo, ki te dat depi epòk Wa Louis XIV nan lane 1685, te toujou rete kache nan achiv legal peyi a paske yo pa te janm anile yo ofisyèlman.
Se depite peyi Gwadloup la, Max Mathiasin, ki te pote pwojè lwa sa a devan palman an. Li te jwenn sipò tout lòt kòlèg depite yo, kèlkeswa tandans politik yo.
« Se yon fason pou nou rann zansèt nou yo limanite yo te vòlè yo a, epi pou nou ekri klè nan lalwa peyi a, tèks sa yo te konstitye yon negasyon total de diyite moun, » se sa depite Mathiasin deklare ak anpil fòs aprè vòt la.
Anplis abolisyon legal tèks kolonyal sa yo, lwa sa a prevwa plizyè lòt pwen enpòtan :
Yon rapò ofisyèl : Gouvènman an dwe remèt yon rapò pou analize konsekans ak rès mak lwa kolonyal sa yo kite sou sosyete a jodi a, sitou sou kesyon rasis la.
Plis plas nan edikasyon : Yo mande pou yo evalye fason y ap anseye istwa lesklavaj ak trèt negriyòl la nan lekòl yo, pou jenerasyon k ap vini yo pa janm bliye.
Pou rapèl, « Kòd Nwa » a se te yon dokiman jiridid ki te konsidere nèg nwa kou mwayen transpò oswa bèt, sa yo rele an fransè « biens meubles ». Li te bay mèt esklav yo tout dwa pou yo bat, make ak fè rasis sou popilasyon depòte yo nan koloni tankou Sen Domeng (ki vin tounen Ayiti jodi a), Gwadloup, Matinik ak Giyàn.
Aprè gwo viktwa sa a nan nivo asanble Nasyonal, se sena franse a ki gen pou egzaminen tèks la kounye a pou lwa a ka tounen yon reyalite nèt ale. Detan nou ap tann sa, vòt sa a rete yon gwo pa anvan nan batay pou reparasyon memwa ak jistis istorik.
Echojounal echojounal.net