Malgre otorite yo poko regle tout doleyans yo nèt, doktè entèn nan Lopital Inivèsite La Paix (HUP) deside relouvri pòt yo depi dat 27 avril 2026 ki sot pase a. Yon desizyon yo pran pou pa kite pasyan yo kontinye soufri, men yo rete trè vijilan.
Apre yon mouvman revandikasyon ki te paralize plizyè sèvis nan lopital la, doktè entèn yo aksepte retounen nan pòs yo. Sa fè plizyè mwa depi jenn medsen sa yo te ap batay pou fòse Leta tande rèl yo.
Prensipal rezon ki te pouse entèn yo kanpe travay se te yon dèt nèf mwa arriye salè Leta genyen ak yo. Anplis pwoblèm lajan sa a, kondisyon lavi andedan lopital la te vin tounen yon chay ki twò lou pou yo pote. Selon sa yo rapòte, li te vin prèske enposib pou yo kontinye bay sèvis nan nivo sa a san okenn mwayen ekonomik.
Depi lendi 27 avril la, aktivite yo rekòmanse nan HUP. Men, entèn yo fè konnen se pa paske pwoblèm yo rezoud totalman ki fè yo tounen. Yo eksplike se « sans responsablite » yo anvè malad yo ki pouse yo fè jès sa a. Pou yo menm, sante popilasyon an pa ka rete an otaj ankò.
Malgre yo reprann blouz yo, doktè yo pa bay otorite yo yon kòche blanch. Yo di yo « pridan » anpil. Repriz sa a fèt sou baz pwomès responsab yo fè pou yo regle dosye finansye yo rapid rapid.
Pou kounye a, tout je fikse sou Ministè Sante Piblik ak Ministè Finans. Si aksyon konkrè yo pa rive fèt jan yo te pwomèt la, gen gwo krentif pou kriz la pa deklanche ankò nan jou ki ap vini yo. Pou pasyan yo ki ap vini chache swen nan lopital La Paix, se yon souf kout, pandan yo ap espere yon solisyon definitif ant otorite yo ak doktè yo.
Echojounal echojounal.net