​Somè « Bouclier » nan Miami: Yon gwo souflèt pou gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a

Pandan lidè pi gwo peyi nan kontinan ameriken an te reyini nan Miami jodi samdi 7 mas 2026 la pou siyen yon akò istorik kont kriminèl, gen yon absans ki fè anpil bri: Ayiti pa te envite.

​Prezidan ameriken an, ansanm ak chèf leta ak gouvènman alye ki pi pwòch Etazini yo, siyen yon dokiman enpòtan nan fen « Somè Bouclier nan Amerik yo » (Shield of the Americas Summit). Objektif la klè: double fòs pou kraze katèl dwòg yo, dechouke òganizasyon kriminèl yo, epi pataje enfòmasyon sekrè pou konbat teworis nan rejyon an.

​Pandan somè sa a te konsantre sou sekirite, trafik dwòg, ak kriz migratwa — twa (3) pwen ki nan kè pwoblèm Ayiti ap travèse yo — lefètke yo kite otorite ayisyen yo deyò a sanble ak yon mesaj klè Washington voye bay Pòtoprens.

​Pou anpil obsèvatè, sa se yon « gwo souflèt » pou Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé. Depi li te pran tèt Primati a, Fils-Aimé pa sispann mande sipò Etazini pou konbat gang ame ki ap taye banda nan peyi a. Men, refi sa a montre gen yon gwo kriz konfyans ant de (2) peyi yo.

​Sanble diplomat ameriken yo pa fin kwè nan kapasite gouvènman tranzisyon an ankò. Men kèk rezon ki ap sikile nan koulwa politik yo:

  • Yon kabinè ki pa konvenk: Popilasyon an ak kominote entènasyonal la kritike chwa minis yo, kote anpil ladan yo jije kòm moun ki pa gen konpetans pou jere kriz la.
  • Kriz sekirite ki pa frennen: Malgre chanjman nan tèt gouvènman an, gang yo kontinye ap okipe plis teren, sa ki fè Washington doute sou estrateji lokal yo.
  • Enstabilite politik: Sanble Etazini pito travay ak « alye solid » tankou Repiblik Dominikèn oswa El Salvador olye yo konte sou yon pouvwa an Ayiti ki sanble ap pèdi pye.

​Lefètke Ayiti pa fè pati « Bouclier » sa a, sa vle di peyi a riske pèdi aksè ak nouvo resous ak enfòmasyon sekrè ki pral pataje ant lòt peyi yo pou konbat rezo kriminèl yo. Sa mete gouvènman Fils-Aimé a nan yon pozisyon trè frajil, kote li ka twouve li pou kont li devan presyon gang yo ak kòlè pèp la.

​Pòtoprens poko reyaji ofisyèlman sou koze sa a, men anpil moun ap mande: èske se kòmansman yon abandon total, oubyen èske se yon fason pou Washington fòse yon lòt chanjman nan tèt leta a?

About Emmanuel Hubert

Check Also

​L’ambassade des États-Unis visée par une explosion, la piste terroriste explorée

​Une déflagration a secoué le quartier de l’ambassade des États-Unis à Oslo au cours de …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager