Nan lide pou konbat gwo kriz ekonomik ki ap sakaje peyi a, gouvènman an deside pran yon seri mezi sevè pou kontwole fason lajan Leta ap depanse. Nan yon sikilè Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé voye bay tout direktè ak administratè nan sèvis piblik yo, li trase yon liy wouj sou plizyè depans ki te konn fèt an gwo ponyen.
Men pwen prensipal ki nan desizyon sa a :
Veyikil nèf entèdi : Pou kounye a, Leta pap achte okenn machin nèf ankò. Sa fèt pou evite gwo lajan ki ap soti nan kès peyi a pou byen materyèl ki pa ijan.
Koupe nan gaz : Kantite lajan ki te konn al nan gaz pou machin enstitisyon piblik yo pral redui anpil. Sa vle di, ofisyèl yo pral oblije limite deplasman yo sèlman pou sa ki nesesè.
Vwayaj aletranje kontwole : Yon kad oswa yon gwo fonksyonè pa ka leve konsa pou li al nan vwayaj lòtbò dlo sou kont Leta. Se sèlman misyon ki « esansyèl » yo ki ap aksepte, epi fòk se Premye Minis la menm ki bay pèmisyon sa a.
Sekirite limite : Pou fini ak zafè gwo kòtèj machin dèyè pèsonalite piblik yo, Premye Minis la deside se yon sèl machin sekirite sèlman ki otorize pou akonpaye yo, si sa nesesè.
»Objektif la se rasyonalize fason Leta ap viv epi sèvi ak ti rès lajan ki genyen an nan sa ki vrèman enpòtan pou popilasyon an, » se sa nou ka konprann nan lespri nòt chèf gouvènman an.
Mezi sa yo rive nan yon moman kote popilasyon an ap mande plis transparans ak yon pi bon jesyon nan lajan taks yo. Se yon tès pou tout administratè piblik yo ki dwe aplike lòd sa yo san pèdi tan.
Screenshot
Echojounal echojounal.net