Aprè echèk misyon Kenya a: Èske « Fòs Represyon Gang » tchad la se dènye espwa Ayiti?

Pandan nasyon an ap nwaye anba dlo nan je ak san, yon nouvo paj istwa sekirite peyi a kòmanse ekri mèkredi 1e avril 2026 sa. Yon premye gwoup nan fòs lòd peyi Tchad debake sou tè « Dessalines » nan. Yo vin jwenn yon popilasyon ki pa konn nan ki sen pou yo priye, sitou aprè sa anpil moun konsidere kòm « echèk » misyon miltinasyonal Kenya a ki pa te vin regle anyen nan peyi a.

Dapre enfòmasyon ki disponib, se anviwon 750 ajan tchad ki rive nan premye vwayaj sa a. Men, sa se sèlman kòmansman an. Gouvènman an ansanm ak patnè entènasyonal yo prevwa pou gen yon total 5 000 gason ak fanm ki pou rive nan peyi a anvan 30 septanm 2026.

Fòs sa a, yo rele Fòs Represyon Gang (FRG), gen yon misyon klè: pote la men fò ak Lapolis Nasyonal la (PNH) ki depase pa evènman yo depi plizyè mwa.

Anpil obsèvatè ap poze kesyon: Sa ki fè nou ta dwe kwè nan Tchadyen yo si Kenyan yo pa te ka fè anyen? Repons lan ta ka nan eksperyans sòlda sa yo. Tchad konnen pou inite elit li yo ki gen abitid goumen nan lagè san rete ak kont group teworis ki gen gwo zam nan men yo. Kontrèman ak misyon lapè tradisyonèl, fwa sa a, non estrikti a menm anonse koulè a: « Represyon« .

Nan lari Pòtoprens, santiman yo melanje. Gen moun ki kontan wè ranfò sa yo ap rive, men gen lòt ki rete septik.
« Nou te wè Kenyan yo ap mache nan lari, gang yo pa te pè yo. Nou bezwen yon fòs ki ka antre nan baz yo, pa yon fòs ki vin fè parad, » deklare yon machann nan lari ki te ap kouri pou bal.

Menmsi FRG a gen volonte, wout la ap long:
* Kowòdinasyon : Ki jan yo pral kominike ak polisye ayisyen yo sou teren an?
* Dwa moun : Nan chache kraze gang, èske yo p ap fè popilasyon sivil la plis mal?
* Efikasite : Èske 5 000 moun ap ase pou kouvri tout zòn gang yo kontwole yo?

Lajistis ak sekirite se de (2) poto mitan peyi a bezwen pou li rebati. Pou kounye a, fòs represyon an nan papòt nou. Lè a grav, epi jan sa toujou di nan moman kriz sa yo: Nou ap tann pou nou wè.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Gadkòt ameriken kanpe 60 moun nan lanmè nan zòn Pòtoriko

Direksyon egzekitif operasyon ayeryen ak maritim (rejyon Sidès) fè konnen yo entèsepte yon bato atizanal …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager