32yèm jounen chanpyona Italyen an (Seri A) fini lendi aswè lendi 13 avril 2026 la ak yon sispans total, kote lidè a, Inter Milan, montre se li ki ap kòmande sezon an, pandan Milan AC tonbe nan yon gwo kriz apre yon defèt ki fè mal nan mitan lakou San Siro.
Inter Milan kontinye ap mache sou tout moun. Nan yon match ki te gen anpil gòl fas ak ekip Como 1907 la, Nerazzurri yo ranpòte laviktwa (3-4). Viktwa sa a pèmèt yo konsolide premye plas yo a ak 75 pwen.
Okontrè, se dlo nan je pou sipòtè Rossoneri* yo. Milan AC tonbe (0-3) lakay li devan yon ekip Udinese ki pa te nan jwe. Defèt sa a se yon gwo kou pou Milan ki wè espwa li pou tit la ap fini, pandan li ap pèdi distans ak dezyèm plas la.
Rezilta tout match 32yèm jounen an
Men kijan match yo te fini pandan wikenn nan:
AS Roma – Pisa (3-0)
Torino – Hellas Verona (2- 1)
Cagliari – Cremonese (1- 0)
Milan AC – Udinese (0- 3)
Atalanta – Juventus (0- 1)
Genoa – Sassuolo (2 – 1)
Parma vs Napoli (1- 1)
Bologna – Lecce (2 -0)
Como – Inter Milan (3 -4)
Fiorentina – Lazio (1-0)
Klasman an tèt Seri A (Apre 32 jounen)
Apre rezilta sa yo, batay pou plas Ewopeyen yo ap vin pi rèd, men Inter Milan sanble sèl mèt bò kote pa li:
1- nter Milan 75 pwen
2- Napoli 66 pwen
3- Milan AC 63 pwen
4- Juventus 60 pwen
5- Como 58 pwen
Avèk sèlman 6 jounen ki rete pou jwe, Inter Milan bezwen sèlman kèk pwen ankò pou li selebre tit la ofisyèlman. Pou Milan AC, yo dwe veye kò yo paske Juventus ak Como dèyè yo konsa pou vòlè twazyèm plas la nan men yo.
Echojounal echojounal.net