Yon paj istorik nan foutbòl mondyal la travèse ak anpil emosyon nan lannwit madi 6 oktòb 2026 la. Lionel Messi, idòl yon pèp e youn nan pi gran jwè nan tout istwa espò sa a, jwe dènye minit li anba koulè Albiceleste a. Nan yon atmosfè cho ki te melanje rekonesans ak nostalji, kapitèn ajanten an fe koudedèy ak seleksyon an nan yon match amikal kote yo bat Benin (3-0).
A 39 lane, ak yon total enpresyonan 208 seleksyon ak 126 gòl, Messi te jwe tout 90 minit match la devan plis pase 80 000 fanatik ki te reyini nan ikonik ‘Stade Monumental’ nan Buenos Aires.
Sipèsta ajanten an te mèt pye nan viktwa sa a sou ekip Benin an (ki nan 89yèm plas nan klasman FIFA a). Messi te enskri sou penalite nan 70yèm minit 126yèm ak dènye gòl li pou peyi l. San konte gòl sa a, li te bay de pas desizif (66yèm ak 67yèm li ak seleksyon an): premyè
sou yon kònè pou defansè Nicolas Otamendi (48yèm minit), ki li menm tou te ap jwe dènye match li ak seleksyon an a 38 an; epi yon dezyèm pas pou Nico Paz (60yèm minit), ki reprezante yon bèl senbòl transmisyon ant ansyen ak nouvo jenerasyon an.
Lè kout siflè final la, tout estad la te soti san kontwòl ak chan, lafime ak yon ovasyon ki te dire plizyè minit. Moun ki te prezan yo te gen chans viv yon moman inoubliyab kote Messi, ak dlo nan je, te remèsye pèp ajanten an pou tout sipò yo te ba li pandan tout karyè li.
Malgre li ranje soulye l nan nivo entènasyonal, sa Messi kite dèyè anndan seleksyon an ap rete grave pou tout tan nan istwa espò a ak nan kè tout amatè foutbòl atravè mond lan.
Echojounal echojounal.net