Ayiti/Asasina: Rudolph Jaar lage vèni sou fason li te « achte » sekirite palè a

Revelasyon ki ap soti nan tribinal federal Ozetazini yo kontinye ap souke peyi Dayiti. Rudolph Jaar, biznismann ayisyen-panyòl ki deja kondane pou lavi nan kad asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse, bay detay presi sou fason lajan te distribye pou kraze fòs sekirite ki te dwe pwoteje chèf leta a.

Daprè Jaar devan lajistis ameriken, li pa te sèlman bay lojistik ak kote pou mèsenè yo kache, men li te jwe yon wòl kle nan koripsyon anndan kò sekirite palè nasyonal la. Revelasyon sa yo montre aklè poukisa lannwit 6 pou rive 7 jiyè 2021 an, pa te gen okenn kout bal ki te tire bò kote ajan sekirite prezidansyèl yo.

Nan deklarasyon li yo, Jaar admèt li te debouse plis pase 150,000 dola vèt pou prepare operasyon an. Men ki jan lajan sa a te separe pou netralize pwoteksyon prezidan an:
80,000 dola pou USGPN: Inite sa a, ki se « Poto Mitan » sekirite palè a, ta resevwa pi gwo pati a pou ajan yo pa te entèvni.
30,000 dola pou CAT Team: Inite taktik sa a, ki la pou bay repons rapid si gen atak, te jwenn pati pa li tou pou li te ka rete bra kwaze.
10,000 dola pou Félix Badio: Yo prezante Joseph Félix Badio kòm youn nan sèvo kowòdinasyon an sou teren an, li te resevwa kòb sa a pou travay pa li.

Pou anpil obsèvatè, chif sa yo mete yon limyè wouj sou nivo pouriti ki gen nan sistèm sekirite Leta a. Jaar deklare ke san konplisite sa yo, mèsenè kolonbyen yo pa tap janm ka rive anndan chanm prezidan an san yo pa jwenn rezistans.

« Lajan sa a te sèvi kòm kle pou louvri baryè kay prezidan an san bri, »dapre sa analiz ki fèt sou dosye a montre.

Pandan Rudolph Jaar ap purge pèn prizon pou lavi li Ozetazini, anpil nan moun li site yo, tankou Félix Badio, nan men lajistis an Ayiti jodi a. Men, kesyon anpil moun ap poze: èske lajistis ayisyen ap gen kouraj pou pouswiv tout gwo chèf nan lapolis ak nan sekirite ki te touche nan kòb Jaar te bay la?

Dosye sa a lwen pou li fini, paske chak jou ki pase, verite a ap soti sou fason yo te vann lavi premye mandatan nasyon an pou kèk milye dola vèt.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Dram: Pou pi piti 30 moun mouri ak anpil lòt disparèt nan Sitadèl la.

Yon gwo trajedi frape depatman Nò peyi a jodi samdi 11 avril 2026 la. Dapre …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager