Apre li fin pase 9 mwa dèyè baryè feray nan peyi Tonton Sam, gwo biznismann ayisyen an, Reginald Boulos, kite teritwa ameriken an semèn pase a. Otorite imigrasyon yo depòte li nan peyi Kolonbi, kote li gen yon estati rezidan, apre yon batay legal ki fini ak yon entèdiksyon pou li antre Ozetazini pandan yon peryòd 5 lane.
Dapre sous enfòmasyon yo, depòtasyon sa a pa rive konsa konsa. Malgre Reginald Boulos toujou nye tout akizasyon ki te pote kont li yo, otorite ameriken yo sispèk li gen lyen ak gang ame nan peyi Dayiti. Gouvènman ameriken an te ranfòse siveyans li sou plizyè pèsonalite politik ak ekonomik an Ayiti yo sispèk ki ap finanse oswa ki ap sipòte vyolans ki ap dechèpiye kapital la.
Boulos, ki te alatèt mouvman politik « MTVAyiti », te chwazi pati pou peyi Kolonbi piske li gen papye rezidans nan peyi sa a. Pandan li te ap kite tè ameriken an, biznismann nan kontinye deklare li inosan e li rejte tout sa yo repwoche li yo. Men, reyalite a rete la: li pap ka mete pye li Ozetazini ankò pou 5 pwochen ane yo.
Desizyon sa a se yon gwo kout kouto pou enfliyans Reginald Boulos, non sèlman nan mond biznis la, men tou nan politik an Ayiti. Lè nou konnen jan relasyon ak Lèzetazini enpòtan pou elit ayisyen an, entèdiksyon sa a kapab febli pozisyon li anpil sou echikye politik la.
Pou kounye a, gade tout moun ap gade pou wè si otorite kolonyen yo oswa lajistis ayisyen an pral louvri ankèt pa yo sou dosye sa a, oubyen si Boulos pral rete an silans depi peyi Kolonbi.
Echojounal echojounal.net