Ayiti/ Koripsyon: RHAJAC mande depa prese prese Gérald Remplais

Rezo Ayisyen Jounalis Kont Koripsyon (RHAJAC) lage yon gwo kout rèl kont fason Administrasyon Jeneral Dwàn nan (AGD) ap dirije. Nan yon nòt sila ki soti lendi 27 avril 2026 la a, asosyasyon an mande pou Direktè Jeneral la, Gérald Remplais, kite plas la imedyatman, pandan yo akize li kòmkwa li lage enstitisyon an nan piyaj ak kleyantelis.

Dapre sa RHAJAC rapòte, gen yon gwo eskandal ki ap fèt ak plis pase 1 500 kontenè yo deklare ki abandone. Jounalis yo fè konnen dwàn nan ap vann kontenè sa yo san yo pa enspekte yo. Nan mitan machandiz sa yo, ta gen pwodwi lalwa entèdi ak machin yo vòlè nan peyi Etazini.
Rezo a eksplike gen yon rezo ki ap trafik chasi machin sa yo pou mete yo sou mache ayisyen an anvan yo voye yo an Dominikani legalman. Yon sitiyasyon ki mete sekirite ak ekonomi peyi a an danje.

Yon lòt pwen ki revòlte RHAJAC, se fason yo jere moun ki ap travay nan AGD. Denonsyasyon an montre yon sitiyasyon « de pwa, de mezi »:
Yon bò, administrasyon an entegre bò 400 nouvo moun ki ta gen rapò ak zanmi ak fanmi chèf yo (kleyantelis).

Yon lòt bò, gen plis pase 350 ansyen kontraktè (kèk ladan yo ki gen 10 zan nan bwat la) ki gen 8 mwa depi yo pa touche. Moun sa yo ap viv anba menas pou yo mete yo deyò.

Jounalis anti-koripsyon yo fè konnen sitiyasyon sa a kreye yon gwo kriz anndan dwàn nan. Tansyon an te monte anpil jou 27 avril sa a, kote anplwaye ki viktim yo te montre kòlè yo.

Fas ak sa yo rele « piyaj administratif » sa a, RHAJAC mande:
1. Depa Gérald Remplais san pèdi tan.
2. Sispann vann kontenè yo jiskaske gen yon kontwòl serye ki fèt.
3. Yon odit konplè sou tout nominasyon ki fèt anba administrasyon sa a.
4. Peye tout kontraktè yo dwe epi ba yo lèt nominasyon yo.
5. Pouswit lajistis kont Gérald Remplais ak plizyè lòt kolaboratè tankou Rémy Pierre (chèf kabinè), Frantz Jean-Baptiste (Nono), ak Markendy Verneau ki responsab vann ozanchè yo.

Pou fini, Sekretè Jeneral RHAJAC la, Djovany Michel, raple dwàn nan se pòt ekonomi peyi a, li pa dwe sèvi enterè yon ti gwoup moun ki deside kraze entegrite Leta.

 

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Pwotestasyon: Pòtoprens Paralize, Lapolis an Kòlè nan Lari a.

Yon gwo tansyon vale teren nan plizyè zòn nan kapital la nan finisman jounen lendi …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager