Ayiti/Politik : RDNP denonse yon dekrè sou min ki ap enfonse peyi a pi fon nan twou

Pandan kriz la ap fin dechire peyi a, gouvènman tranzisyon an, ki gen nan tèt li Premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimé, ap miltipliye desizyon sispèk ki ap pwovoke gwo kòlè nan sosyete a. Apre plizyè kontra dwat e gòch ak dekrè ki pase anba pye lalwa, se yon nouvo dekrè sou dosye min an Ayiti ki mete dife nan kay la.

Nan yon nòt pou laprès ki soti lendi 25 me 2026 la, Rasman Demokrat Nasyonal Pwogresis yo (RDNP), atravè vwa sekretè jeneral li a, Wagner Édouard, voye yon gwo kout roroli dèyè chèf primati a. Pati politik la fè konnen gouvènman sa a pa gen okenn lejitimite pou li angaje peyi a nan kalite dosye lou sa yo, sitou nan moman kote palman an pa egziste ditou.

Pou RDNP, se yon gwo mank de respè pou rès enstitisyon ki rete nan peyi a lè yon gouvènman de fèt ap pran desizyon sou resous natirèl nasyon an san kontwòl okenn lejislatè. Wagner Édouard pa kache enkyetid li : si pa gen enstitisyon solid, si pa gen transparans, ni mekanis pou rann kont, nou ap tonbe dwat nan sa yo rele « malediksyon resous yo ».

« Eksperyans nan nivo entènasyonal montre sa byen : lè yon gouvènman fèb epi ki pa gen lejitimite ap jere dosye min, sa pa pote devlopman. Sa pote plis koripsyon, konfli sosyal, ogmantasyon grangou ak povrete, ak yon gwo dezas pou anviwònman an. » – Wagner Édouard, Sekretè Jeneral RDNP.

Olye pou gouvènman an ta chache estabilize peyi a, sekirize popilasyon an, epi mennen li nan eleksyon, li prefere ap siyen kontra sispèk ak pibliye dekrè tèt dwat ki sanble ap sèvi enterè kaché, pandan pèp la ap fonse pi fon nan mizè.

RDNP raple Premye minis Fils-Aimé yon verite ki ap koze gwo tèt poze nan Leta a : manda gouvènman sa a ap rive nan bout li 7 jen ki ap vini la a. Li pa ni nòmal, ni moral pou yon ekip ki sou bout pye li ap pran desizyon estratejik konsa pou lavni yon nasyon.

Fas ak reyalite sa a, pati politik la mande otorite yo pou yo sousewa rapid vit (sa vle di sispann) sou aplikasyon dekrè sa a. Popilasyon an ak klas politik la ap gade ak anpil sispèk tout dènye mouvman gouvènman sa a ap fè nan dènye jou sa yo, kote anpil moun estime yo ap pwofite absans lalwa pou piye rès sa ki te rete nan kès Leta a ak nan richès anba tè peyi a.

Dosye sa a se yon lòt prèv ki ap montre kouman tranzisyon an ap pèdi fil, pandan kriz la ap vin pi rèd chak jou pi plis.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Lutte anti-drogue : Après l’Équateur, le Guatemala s’ouvre à une coopération militaire musclée avec Washington

Selon des révélations du New York Times, le président guatémaltèque Bernardo Arévalo aurait donné son …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager