Espò/Mondyal 2026: Woodenski Pierre gen randevou nan konsila ameriken an lendi sa a

Sèl jwè nan seleksyon nasyonal foutbòl la ki ap evolye anndan peyi Ayiti a, Woodenski Pierre, gen randevou nan konsila ameriken an lendi premye jwen 2026 la, vè 10 zè nan maten. Rankont sa a fèt pou yo egzamine demann visa li, yon etap ki enpòtan anpil pou li ka jwenn rès ekip la Ozetazini.

Koze viza Woodenski a te tounen yon vrè tèt chaje pou fanatik yo ak dyaspora a, tèlman sa te pran anpil enpòtans, premye minis defakto a Alix Didier Fils-Aimé te oblije mete do li nan miray. Selon enfo yo se te premye sijè chèf gouvènman an te abòde nan rankont li te genyen vandredi pase a ak Christopher Landau, sekretè deta adjwen ameriken an ki te ap vizite Pòtoprens.

« Tout moun okouran. Pa gen okenn kè sote. Li gen randevou lendi a 10 a.m. », se sa yon sous anndan gouvènman an konfime, pandan li te ajoute yon ofisyèl nan anbasad la te reponn rapid pou di yo te deja fikse dat la. Kòm Woodenski se sèl jwè Grenadye yo ki rete nan peyi a, li te enposib pou Leta pa te fè anyen pou li.

Anvan sitiyasyon an te kòmanse debloke, ka jwè Violette AC a te fè anpil gwo jounal nan peyi Etazini pale. Gwo medya tankou New York Post, Washington Times, ak Orlando Sentinel te ekri atik sou sa, sa ki montre jan dosye sa a te depase kad espò sèlman pou l tounen yon dosye entènasyonal.

Pandan tan sa a, rès seleksyon nasyonal la deja nan vil Port Ste Lucie nan Florid depi 24 me pase a kote yo ap fè gwo preparasyon. Grenadye yo gen de (2) match amikal pou yo jwe rapid vit :
2 jwen : Kont Nouvèl Zelann
5 jwen : Kont Pewou

Apre sa, ekip la pral deplase pou li al tabli baz li nan leta New Jersey. Premye gwo match Ayiti nan Coupe du Monde la ap fèt nan vil Boston, 13 jwen ki ap vini la a, kont peyi Ekòs.

Se yon moman istorik pou foutbòl ayisyen an, paske sa fè 52 lane depi Ayiti pa te janm patisipe nan gwo fèt foutbòl mondyal sa a, depi dènye fwa an 1974. Tout peyi a ap tann lendi 10 zè nan maten pou wè si Woodenski ap kapab pran vòl li pou li al reprezante drapo a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Sport/MONDIAL 2026 : Mohamed Ouahbi dévoile sa liste de 26 Lions pour l’aventure américaine

Le sélectionneur national du Maroc, Mohamed Ouahbi, a officiellement tranché. À quelques jours du coup …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager