Mondyal 2026: Tout ti detay sou gwo match Kore disid Tcheki a.

‎Gwo fèt foutbòl mondyal la limen nan peyi Meksik! Pou premye jounen nan Gwoup A a, ekip Kore disid la pral twoke kòn li ak seleksyon Tcheki a nan yon match kote okenn nan de ekip sa yo pa vle pèdi pwen, sitou lè nou konnen gwo Meksik ak Afrik di Sid nan menm gwoup sa a tou.

‎Match la ap jwe nan Guadalajara Stadium (moun lokal yo rele l tou Estadio Akron) ki sitye nan vil Zapopan, tou pre Gwadalahara. Se yon estad modèn ki ka pran plis pase 45,000 moun epi ki pare pou vibre anba kout tanbou fanatik yo.

‎Pou jere de gwo moso ekip sa yo sou teren an, FIFA chwazi yon abit ki gen anpil eksperyans ak karaktè: se Amin Mohamed Omar, ki soti nan peyi Ejip. Yon ti detay ki enteresan: misye se yon avoka nan lavi nòmal li, epi li konnen pou jan li renmen kite jwèt la koule san li pa toujou ap sifle pou ti fòt senp. Se premye fwa l ap sifle nan yon faz final Mondyal granmoun.

‎De (2) peyi sa yo pa gen menm eksperyans ditou nan konpetisyon sa a:
‎Kore disid: Se yon abitye tonton! Se 11yèm fwa dfile yo ap patisipe nan yon faz final koup dimond (sa fè 12 patisipasyon total nan istwa yo). Pi gwo siksè yo se te an 2002 kote yo te rive nan demi-final lè yo te ap òganize l lakay yo.

Tcheki (Repiblik : Depi lè peyi a separe ak Slovaki, se sèlman dezyèm fwa yo rive nan yon faz final koup dimond kòm « Tcheki » (premye fwa a se te an 2006). Yo tounen nan gwo kous sa a aprè 20 lane absans. (Nòt: Si nou ta konte epòk ansyen Tchekoslovaki a, yo te patisipe 8 fwa deja).

‎Lis Pwobab de (2) Ekip yo
‎Antrenè yo poko bay lis ofisyèl la 100%, men parapò ak dènye fòmasyon ak jwè ki an fòm yo, men ki jan 11 jwè pwobab yo ka prezante sou teren an:

‎🇰🇷 Kore disid (Sistèm: 4-2-3-1)
‎Ekip Hong Myung-bo a ap bati sou yon blòk defansif solid ak tranzisyon rapid ki baze sou gwo zetwal yo a, Son Heung-min.
Gadyen: Jo Hyeon-woo
Defansè: Seol Young-woo, Kim Min-jae, Cho Yu-min, Kim Jin-su
Milye Teren: Hwang In-beom, Park Yong-woo
‎Milye Ofansif / Alye: Lee Kang-in, Jae-sung Lee, Son Heung-min (Kapitèn)
Atakan: Cho Gue-sung

‎🇨🇿 Tchéqui (Sistèm: 3-4-1-2)
‎Ekip Tcheky a gen jwè ki gwo e ki fizikman enpozan, sa ki ka bay defans Kore a pwoblèm nan jwèt anlè.
Gadyen: Jindřich Staněk
Defansè: Tomáš Holeš, Robin Hranáč, Ladislav Krejčí
‎Milye Teren: Vladimír Coufal, Tomáš Souček (Kapitèn), Lukáš Provod, David Douděra
‎Milye Ofansif: Adam Hložek
Atakan :Jan Kuchta, Patrik Schick

‎Match sa a pwomèt anpil teknik bò kote Koreyen yo ak anpil fòs fizik ak disiplin bò kote Tchekoslovaki yo. Tout je fikse sou vil Gwadalahara pou gwo chòk sa a!

About Emmanuel Hubert

Check Also

Mondyal 2026: FIFA fòse Ayiti chanje mayo li nan dènye liy dwat la, poukisa yon desizyon konsa nan dènye moman yo?

Se yon nouvèl ki siprann anpil moun nan mitan lannwit 9 jen an: Grenadye yo …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager