Entèlijans Atifisyèl: Donald Trump siyen yon dekrè ki bay konpayi teknoloji yo yon gwo libète

Nan gwo diskresyon, san gwo seremoni ni kout bwa twonpèt, prezidan ameriken an, Donald Trump, siyen yon dekrè moun te ap tann anpil sou keksyon Entèlijans Atifisyèl (IA). Tèks sa a tabli yon kad regleman ki trè soup, kote gouvènman an ap ka voye je sou modèl IA ki pi avanse yo sèlman si konpayi yo dakò ak sa.

‎Dapre dokiman ofisyèl la, nouvo kad sa a ap mache sou baz « volontarya ». Sa vle di, jeyan teknoloji yo (tankou OpenAI, Google, oswa Anthropic) pa gen okenn obligasyon legal pou yo soumèt nouvo pwogram yo bay leta pou analiz. Si yo vle, yo ka chwazi fè gouvènman an evalye modèl IA ki pi pwisan yo anvan yo lage yo sou mache a, men se va pwòp desizyon pa yo.

‎Pou evite nenpòt konfizyon, dekrè a gen yon presizyon ki klè kou dlo kokoye: anyen nan tèks sa a « pa dwe sèvi pou mete sou pye » yon kontwòl obligatwa gouvènman an ta fè anvan yon nouvo modèl IA soti.

‎Se yon siyal fò administrasyon Trump lan voye bay envestisè yo ak gwo patwon Silicon Valley yo. Mesaj la klè: Lèzetazini pa vle kase elan inovasyon an ak lwa ki twò lou, sitou nan moman kote peyi a ap mennen yon gwo batay teknolojik kont rival tankou lachin.

‎Estrateji sa a mete Lèzetazini sou yon chemen ki opoze nèt ak Inyon Ewopeyèn. Pandan Ewòp chwazi mete gwo lwa strik ak penalite sevè pou kontwole IA (avèk « AI Act » la), Washington chwazi metòd konfyans ak « laisser-faire ».

‎Kounye a, boul la nan kan gwo konpayi teknoloji yo. Tout je fikse sou yo pou we si yo ap vreman jwe jwèt la epi kolabore ak gouvènman an pou sekirite piblik la, oubyen si kous pou pwofi ak pouvwa teknolojik la ap pase anvan tout bagay.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Move nouvèl pou fanatik yo: Pri bwason BRANA yo monte an flèch nan paraj Mondyal 2026 la

Se yon douch frèt pou konsomatè yo ak amatè foutbòl yo an Ayiti. Pandan tout …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager