Ayiti/Dekrè Elektoral: KEP a rele anmwey pou primati ki vle mennen yo nan wout pikan.

Yon gwo van divizyon ap soufle ant Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP) ak Primati a. Nan yon rankont ki fèt jounen madi 2 jen 2026 la, sou envitasyon Premye Minis defakto a, Alix Didier Fils-Aimé, manm KEP yo eksprime kareman dezakò yo ak chèf gouvènman an, apre li fin prezante yo yon lòt pwojè Dekrè Elektoral ki pa gen anyen pou wè ak sa enstitisyon an te soumèt bay Egzekitif la. Pou Konsèy la, demach sa a se yon vyolasyon klè sou Konstitisyon an ak sou endepandans yo.

Rankont enfòmasyon sa a te sipoze yon espas dyalòg, men li tounen yon pwen kase kòd. Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te pwofite okazyon an pou li enfòme konseyè elektoral yo sou desizyon gouvènman an pou li adopte epi pibliye yon nouvo Dekrè Elektoral.

Sipriz la te tèlman gwo, manm KEP yo dekouvri yon dokiman ki « totalman diferan » ak pwojè lwa elektoral yo menm yo te fin travay epi soumèt bay pouvwa egzekitif la depi dat 24 avril 2026. Pou enstitisyon elektoral la, fason Primati a aji a mete anba pye otorite ak endepandans Konsèy la.

Daprè sa ki ekri nan nòt KEP a, desizyon gouvènman an pran pou li ekri pwòp dekrè pa l la se yon zak ki ilegal. Manm Konsèy la raple byen fò ke :

« Inisyativ pou elaboration pwojè Dekrè Elektoral la se yon konpetans eksklizif ki soti sèlman nan men KEP. »

Lè Primati a deside pase lwa pa li, li vyole prensip fondamantal ki di Konsèy Elektoral la dwe rete endepandan parapò ak pouvwa politik la, pou evite machine eleksyon yo nan avantaj yon sèl kan.

Fas ak sa yo konsidere kòm yon koudeta legal sou travay yo, manm KEP yo pa kache kòlè yo. Yo fè konnen yo pap koube devan aplikasyon yon tèks ki pa respekte egzijans Konstitisyon peyi a.

Pandan yo ap voye siyal klè sa a bay chèf gouvènman an, manm Konsèy Elektoral Pwovizwa a renouvle angajman yo pou yo reyalize yon pwosesis elektoral ki kredib, transparan, san paspouki, epi kote tout moun ap kapab patisipe. Pou yo menm, se sèl fason sa a yo ka garanti enterè siperyè Nasyon an ak estabilite demokratik peyi a.

Pou kounye a, Primati a poko reyaji ofisyèlman sou revandikasyon sa yo, men kriz sa a riske bloke pwosesis pou mete peyi a sou ray eleksyon yo pi vit pase sa moun te espere.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Move nouvèl pou fanatik yo: Pri bwason BRANA yo monte an flèch nan paraj Mondyal 2026 la

Se yon douch frèt pou konsomatè yo ak amatè foutbòl yo an Ayiti. Pandan tout …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager