Sezon siklonik 2026 : UHM anonse 14 tanpèt ak 9 ouragan, otorite defakto yo mande popilasyon an veye kò yo

Sezon siklonik la louvri ofisyèlman lendi 1ye jen sa a sou tout basen Karayib la, Gòlf Meksik ak Atlantik Nò a. Pou ane 2026 la, Inite Idwometeyorolojik Dayiti (UHM) pibliye yon nòt ofisyèl kote li bay previzyon yo: ekspè yo espere anviwon 14 tanpèt twopikal ak 9 ouragan. Pami ouragan sa yo, gen 3 ladan yo ki ka gwo kout roroli, sa vle di ki ka rive nan kategori 3, 4 oswa 5 sou echèl Saffir-Simpson an.
Fas ak menas sa a ki pandye sou tèt peyi a jiska 30 novanm 2026 ki ap vini la a, otorite yo pa sispann voye siyal alam pou mande tout moun pran devan anvan malè rive.

UHM pwofite okazyon an pou li voye yon mesaj klè bay laprès, enstitisyon leta kou prive, majistra yo (kolektivite teritoryal) ansanm ak òganizasyon non-gouvènmantal yo (ONG). Leta mande tout estrikti sa yo kole zepòl ak zepòl pou ranfòse travay sansibilizasyon an, kominike bon enfòmasyon bay piblik la, epi poze aksyon konkrè pou prepare tèren an anvan move tan yo frape.
Dapre responsab yo, se sèlman yon kolaborasyon solid ant tout sektè sa yo ki ka pèmèt peyi a limite dega yo epi sove lavi moun.

Pou evite sipriz tankou sa ki konn rive nan ane ki pase yo, otorite yo mande chak sitwayen pou yo kòmanse prepare yo depi koulye a. Men prensipal rekòmandasyon UHM yo :

Swiv bilten meteyo yo : Rete branche regilyèman sou radyo, televizyon oswa paj ofisyèl pou konnen ki jan tan an ye chak jou.

Idantifye zòn ki gen ris : Chache konnen si zòn kote ou rete a ka pran dlo, si li ka sibi glisman tè oswa si li toupre pyebwa ak poto ki ka tonbe.

Prepare plan ijans fanmi an : Konnen depi avan kote tout moun ap rankontre si gen pwoblèm, epi repere abri pwovizwa ki pi pre w la.

Sekirize kay yo : Kloure tòl ki lach, netwaye rigòl ki pre kay la pou dlo ka koule, epi koupe branch bwa ki ka kase sou do kay la.

Fè yon ti pwovizyon : Met dlo, ti manje sèk, yon bwat famasi (premye swen), radyo ak pil, ak tout papye enpòtan yo yon kote ki an sekirite (nan sache plastik).

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Enfrastrikti : Jounalis Amos FÉLIX voye yon SOS bay otorite yo pou wout lari Maurepas la

Kominote Delmas 60 an anba gwo tèt chaje. Jounalis Amos FÉLIX adrese, nan dat vandredi …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager