Se yon gwo kout filè Lapolis Nasyonal Dayiti (PNH) fè nan kad batay yo daprè sa enstitisyon an rapòte. Lendi 1e jwen 2026 la, fòs lòd yo rive antre byen fon nan katye Vilaj de Dye, ki nan sant vil Pòtoprens. Operasyon sa a lakòz plizyè nèg ame pèdi lavi yo epi sezi plizyè zam lagè.
Dapre premye detay Direksyon Jeneral PNH la bay, pandan entèvansyon sa a, polisye yo rive mete men sou sis (6) zam fannfwa (fusils d’assaut) ki te nan men gwoup ame yo.
Gwo kout kouto sa a Lapolis bay la pa fèt yon sèl kou. PNH la presize se rezilta de (2) semèn operasyon entansif kote divès fòs espesyal te ap pilonnen zòn nan san pran souf.
Sa ki pi enpòtan pou anpil obsèvatè, se paske katye Vilaj de Dye te tounen yon Zòn Wouj kote okenn fòs sekirite pa te ka mete pye depi senk (5) lane. Reprann kontwòl espas sa a se yon mesaj fò Lapolis voye bay popilasyon an ak lòt baz teworis yo.
Deklarasyon PNH la : « Operasyon yo pa sispann. Pou jounen madi sa a tou, polisye yo sou teren an pou kontinye netwaye zòn nan epi pouse do bandi yo nèt ale. »
Echojounal echojounal.net