Grenadye Alaso: Ayiti kraze Nouvèl Zeland 4-0 nan Florid!

Gwo loray ak gwo lapli ki te ap tonbe sou Florid la pa te ase pou te paralize kouray seleksyon nasyonal gason an. Nan yon match preparasyon ki te gen anpil tansyon ak reta akòz move tan, Grenadye yo bay yon leson foutbòl e yo pilonnen ekip Nouvèl Zèland lan ak yon gwo nòt san gade dèyè: (4-0).

Apre yon premye mitan kote Ayiti te domine epi jwenn sèlman yon sèl gòl, machin lan te fin demare nèt nan dezyèm mitan an pou nwaye lòt ekip la nèt.

Chak bitè yo te reponn prezan pou montre nivo yo anvan gwo randevou mondyal la kòmanse:
Ruben Providence (11′): Se li menm ki te louvri mak la byen bonè nan premye mitan an ak yon bèl aksyon ki te lanse ekip la.

Lenny Joseph (50′): Pou premye aparisyon li anba koulè ble ak wouj yo, jèn jwè a te bezwen sèlman 5 minit apre li te fin antre nan poz la pou li te drible de defansè epi make yon bèl gòl nan premye poto a.

Frantzdy Pierrot (61′): Gwo fòs frap la, « Lukaku ayisyen an », pa te ka kite fèt la pase san li pa mete non li sou tablo a ak yon gòl tèt frapan.

Duke Lacroix (86′): Pou fini travay la byen pwòp, li te mete katriyèm gòl la nan fen match la pou li te sele viktwa a nèt.

Yon viktwa ki remoute moral pèp la: Ayiti, ki ap tounen nan yon Koup Dimond pou premye fwa depi lane 1974, voye yon gwo mesaj bay tout rès ekip yo. Grenadye yo anfòm epi yo pare pou batay!

About Emmanuel Hubert

Check Also

Fanm Mibalè a met Pari nan pòch li: Corventina reyalize yon triple istorik, Lyon chanpyon Première Ligue Arkema

Yon semèn apre desepsyon yo te pran nan final Lig lafrik dè chanpyon an fas …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager