Collectif des citoyens du secteur informel et des petites entreprises d’Haïti (CCSIPEH), ansanm ak plizyè santèn machann, te òganize yon gwo mach pasifik pou mande Leta reprann kontwòl zòn nan epi garanti sekirite, sitou nan lide pou aktivite yo ka rekòmanse anvan gwo evènman Mondyal 2026 la.
Mach la, ki te kòmanse sou plas Chanmas la, te bout devan ministè Jistis ak Sekirite Piblik. Sou tout wout la, mesaj la te klè : ti komèsan yo bouke anba enpak ensekirite a ki ap kraze mwayen pou yo viv depi plizyè lanne.
Pou Prezidan CCSIPEH a, Mesye Boileau Junior Mondésir, Channmas se pa sèlman yon espas piblik, se yon vrè motè ekonomik pou plizyè milye fanmi ki depann de sektè enfòmèl la. Li fè konnen Leta gen obligasyon pou li mete sekirite pou pèmèt aktivite yo reviv nan yon zòn ensekirite a fin deplimen.
« Nou vin mande Leta jodi a kisa li ap fè pou li akonpanye sektè enfòmèl la. Nou bezwen mezi pou ede nou leve tèt nou, tankou anilasyon pwovizwa taks kominal yo, » deklarasyon Prezidan CCSIPEH a, ki te pwofite raple kijan anpil travayè pèdi ni machandiz yo, ni kapital yo poutèt sitiyasyon sekirite a ki degrade nèt.
Machann yo wè gwo tounwa foutbòl Mondyal 2026 la kòm yon opòtinite lò pou yo ta fè kèk revni, men sa p ap posib si kliyan ak komèsan yo pa ka sikile libète libè.
Plizyè machann ki te prezan nan manifestasyon an te pataje dlo nan je ak gwo tèt chaje yo ap pase. Anpil ladan yo pa sèlman pèdi plas kote yo te konn vann, men yo te blije kouri kite kay yo tou poutèt laterè bandi ame yo. Yo deklare yo ap viv nan yon gwo mizè ak prekarite, epi sèl espwa yo genyen, se wè sekirite a tounen toutbon vre pou lavi ka rekòmanse sou Chanmas.
Pandan nou ap pwoche pi pre dat gwo match entènasyonal yo, rèl ti machann sa yo sonnen tankou yon tès pou otorite yo : èske yo ap kapab garanti sekirite ak estabilidat ki nesesè pou pèmèt pèp la travay ak diyite ? Dosye sa a rete louvri.
Echojounal echojounal.net