Lajistis ameriken make yon pwen enpòtan nan batay kont trafik zam ilegal ki ap alimante ensekirite a an Ayiti. Anbasad amerikèn ki baze nan Pòtoprens fè konnen, atravè yon nòt ki pibliye sou kont X (ansyen Twitter) li, jèn fanm sa a riske pase yon bon bout tan dèyè bawo.
Francesca Charles, yon jèn fanm 28 lane ki te ap viv nan vil Jacksonville (leta Florid), chwazi plede koupab devan tribinal federal pou akizasyon kòmkwa li te ap voye zam anbachal an Ayiti.
Dapre detay ki disponib yo, zak sa a se yon gwo vyolasyon lwa federal ameriken yo sou kontwòl ak ekspòtasyon zam dife. Kòm li chwazi rekonèt fòt li devan jij yo, pwosesis la pral pi rapid, men sanksyon an ka lou anpil : akize a riske jiska 20 lane prizon* fèm.
Otorite jidisyè yo nan peyi Etazini pa pèdi tan. Dat kote jij la pral pwononse santans final la, sa vle di kantite tan egzak Francesca Charles pral pase nan prizon, fikse pou 18 out 2026.
Depi kèk tan, otorite ameriken yo (tankou Homeland Security ak FBI) ranfòse kontwòl yo nan pò ak ayewopò nan leta Florid pou bloke tout zam ak aminisyon ki ap kite tè ameriken an pou al simen pwoblèm nan Karayib la, patikilyèman an Ayiti. Ka Francesca Charles la se yon siyal klè depatman Jistis ameriken an vle voye bay tout moun ki ap opere nan rezo sa yo.
Echojounal echojounal.net