Ayiti/Politik: Yon kowalisyon plizyè pati politik mande Premye Minis la demisyone epi menase pou yo boykote eleksyon yo

Devan kriz sekirite a ki ap angrave chak jou ak piblikasyon yon dekrè elektoral yo jije « anti kontstitisyonèl », trèz (13) pati politik nan opozisyon an pibliye yon deklarasyon ansanm ki di tou sa ki nan vant yo. Yo mande chèf gouvènman tranzisyon an, Alix Didier Fils-Aimé, pou li rache panyen li imedyatman, epi yo denonse silans kominote entènasyonal la.

Nan yon nòt pou laprès yo siyen ansanm byen bonè maten 8 jen 2026 la, yon blòk 13 òganizasyon politik tankou Mouvman Angajman pou Chanjman (MACH), Collège National des Démocrates (CND), ak Union des Patriotes pour le Développement d’Haïti (UPADH) lanse yon gwo atak kont pouvwa egzekitif la. Ant akizasyon « konplisite kriminèl » devan laterè gang yo ak denonrasyon yon dekrè ki fèt pou bloke jèn pati politik yo, kòd la kase nèt ant de kan yo.

Premye pwen gwo kòlè siyatè yo baze sou jan Leta pa kapab pwoteje sitwayen yo. Dokiman an pentire yon sitiyasyon imanitè ki tris anpil, kote yo site non zòn tankou Santo nan Plèn kiltsak, ak plizyè kote nan depatman Latibonit, kote popilasyon an ap sibi vyòl, piyaj, epi kote plizyè milye fanmi ap kouri anba bal.

Pou koalisyon an, katastwòf sa a se pa yon azar, se rezilta « echèk total aparèy sekirite Leta a » ak « mank vizyon estratejik » gouvènman an. Pati politik yo pa pè di silans ak inaksyon gouvènman an se yon « konplisite kriminèl kont pèp ayisyen an ».

Nwayo kòlè opozisyon an chita toupatou sou dekrè elektoral gouvènman an fèk pibliye a. Dapre pati ki kont li yo, tèks sa a pa gen lòt objektif pase elimine fòs politik ki ap monte yo pou li ka kite pouvwa a nan men yon « elit kòwonpi ».

Gen kat (4) pwen nan dekrè sa a ki fè moun fache anpil:
Yon kantite manm ki pa gen sans : Obligasyon pou yon pati gen 100 000 aderan pou li ka egziste nan lwa, yon kondisyon yo rele « absid ».

Lajan enskripsyon ki twòp : Frè pou moun enskri kòm kandida yo twò wo pou pòch jèn yo.

Chanjman nan enstitisyon an : Yo ranplase Direktè Ekzekitif KEP a pa yon Direktè Jeneral, yon desizyon yo di ki ilegal.

Menas pou boykote : Devan sa yo rele « mannigèt administratif », 13 pati yo avèti yo ap rale kò yo nèt nan pwosesis la si yo pa retire dekrè sa a.

« Dekrè sinik sa a se yon atak dirèk kont demokrasi a. » Ekstrè nan deklarasyon ansanm pati politik yo.

Kritik kowalisyon an pa rete nan peyi a sèlman. Yo frape dirèkteman Biwo Entegre Nasyonzini nan Ayiti (BINUH). Sinyatè yo rejte nèt pozisyon misyon ONU an ki te akeyi dekrè elektoral la kòm yon avansman. Pou yo, lè BINUH asepte yon tèks ki fèt « san konsiltasyon nasyonal », li trayi pwòp misyon li ki se soutni demokrasi ak Leta de dwa.

Sou plan ekonomik, manifès la kondane tou ak fòs plizyè kontra chèlbè gouvènman an siyen sou sekirite fwontyè ak esplewatasyon min. Yo akize pouvwa a kòm moun ki ap « brade resous peyi a » epi ki ap ipoteke lavi timoun jodi ak demen yo, san li pa gen ni entegrite, ni lejitimite pou sa.

Senk (5) egzijans pou soti nan twou a
Pou sitiyasyon an debloke, 13 òganizasyon politik yo poze senk kondisyon klè, epi premye nan yo se demisyon imedyat Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé pou yo ka mete yon gouvènman tranzisyon ki baze sou konsansis.

Yo mande tou pou yo anile dekrè elektoral la, pou yo monte yon KEP ki endepandan epi ki gen kredibilite, ak retou sekirite a vit-vit pou peyi a ka al nan eleksyon « lib, onèt, ak tout moun ladan l », jan Atik 149 nan Konstitisyon an mande sa.

Pandan kowalisyon an ap rele « fòs viv Nasyon an » pou yo mobilize nan lapè, gouvènman tranzisyon an jwenn do l kole nan miray, nan mitan yon kriz sekirite ki san fen ak yon revòlt politik k ap menase avni eleksyon yo menm.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Puissant séisme de magnitude 7,8 aux Philippines : au moins 19 morts et des milliers d’évacuations après une alerte au tsunami

Un séisme majeur de magnitude 7,8 a secoué le sud des Philippines ce lundi matin, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager