Ayiti/Kidnapin: Kidnapin lan tounen pi rèd, yon polisye ak pitit li tonbe anba grif kriminèl

Pandan popilasyon an te ap espere yon souf anba zak vyolans yo, reyalite a vin pi anmè: zafè kidnapin lan tounen an fòs epi pi rèd nan peyi a. Pa gen pèsonn ki pwoteje ankò, ni malere ki ap chache lavi, ni menm manm fòs de lòd yo ki sipoze ap pwoteje sitwayen yo.

Dènye ka ki mete dlo nan je piblik la ak kòlè nan kè moun, se anlèvman trajik yon ajan Polis Nasyonal Dayiti (PNH). Vandredi 5 jen 2026 la, nan maten, malfektè ame bloke chemen Bigor Michel-Ange, yon polisye 20yèm pwomosyon ki ap travay nan Ministè Planifikasyon.

Sa ki pi rèd la, mesye ame sa yo pa te sèlman pran jèn fanm polisye a; yo pati avèk li ansanm ak tout pitit li ki te ak li, pandan li ta pral mennen li ekòl.

Dapre premye enfòmasyon ki disponib, nèg ame yo te ap sikile abò yon machin mak *Subaru* koulè gri. Yo pwofite yon moman kote manman an te ap rann yon sèvis ki pi nòmal nan lavi a mennen pitit li lekòl pou li al aprann pou yo fè zak lach sa a.

Jiska prezan, fanmi viktim yo nan gwo kè sere: pyès moun pa kò mande ranson, epi bò kote Direksyon Jeneral PNH la, se yon silans ki total. Okenn deklarasyon ofisyèl poko fèt sou kote ankèt la ye ni sou sa ki ap fèt pou libere polisye a ak pitit li.

Ka sa a vin montre aklè jan fenomèn kidnapin lan ap pran yon lòt vitès nan peyi a. Lè yon manm fòs de lòd la, ki fòme pou defann tèt li ak sosyete a, ka vin viktim anba gwo jounen ansanm ak pitit li, sa voye yon mesaj klè bay rès popilasyon an: pèsonn pa an sekirite.

Lari Pòtoprens ak lòt zòn nan pwovens yo ap vin pi danjere chak jou. Bandi yo ap sikile ak anpil jwèt nan men yo, yo ap chwazi kilès yo ap pran san gade dèyè. Popilasyon an, ki ap gade otorite yo ki parèt san fòs, ap mande tèt yo kilè nou ap soti nan twou nwa sa a kote lavi yon moun pa vo anyen ankò.

Tout je rete fikse sou PNH la ak gouvènman defakto an pou wè ki repons konkrè yo pral bay pou frennen gwo vag kidnapin sa a ki ap tounen an fòs, epi pou pèmèt Bigor Michel-Ange ak pitit li tounen lakay yo an sekirite.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Politik: Yon kowalisyon plizyè pati politik mande Premye Minis la demisyone epi menase pou yo boykote eleksyon yo

Devan kriz sekirite a ki ap angrave chak jou ak piblikasyon yon dekrè elektoral yo …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager