Prezidan ameriken an, Donald Trump, reyaji avèk anpil fòs dimanch 18 oktòb 2026 sa a sou rezo sosyal li Truth Social, apre yon jounen manifestasyon ak vyolans ki te souke plizyè vil nan peyi Lafrrans samdi ki te 17 oktòb la.
Nan deklarasyon li fè yo, chèf leta ameriken an rann politik imigrasyon peyi Lafrans lan responsab vyolans sa yo, epi li mande otorite franse yo pou yo « sere vis » sou politik imigrasyon yo a.
« La Frans ap boule ! Imigran moun ki soti nan yon lòt peyi, moun ki gen rayisman nan kè yo, kraze peyi sa a ki te si gran avan sa, » se sa Donald Trump te ekri sou kont li.
Li te pwofite swete pou peyi Lafrans pran mezi ki pi fèm tou dwat: « Fèmen fwontyè nou yo epi reprann kontwòl anvan li twò ta ! »
Deklarasyon sa yo ap fèt nan moman peyi Lafrans te konnen yon gwo jounen mobilizasyon sosyal kont « lavi chè ». Menm si anpil nan fòmasyon yo te mache ak lapè, te gen gwo kout debòdman ak degradasyon ki te fèt nan manif yo nan plizyè gwo vil . Dapre rapò yo, te gen plis pase 1 800 moun ke lapolis te arête.
Deklarasyon Donald Trump yo vin jwenn sa vis-prezidan li an, JD Vance, te deja di depi samdi. JD Vance te deklare ke imigrasyon ak politik miltikiltirèl yo se prensipal lakòz debòdman sa yo, epi li te sèvi ak sitiyasyon franse a pou fè pwopagann politik nan peyi Etazini nan kad debat ki gen rapò ak eleksyon ki ap vini nan peyi Etazini.
Pou kounye a, gouvènman franse a poko bay yon repons fòmèl ak deklarasyon presidan ameriken an, men dosye sa a ap kreye anpil diskisyon sou sèn entènasyonal la.
Echojounal echojounal.net