Tansyon politik la ap moute nan peyi Dayiti. kòdonatè nasyonal rasanbleman ROSPO a, Esaïe Beauchard, pa mete dlo nan bouch li pou li kritike gouvènman an. Ansyen majistra Site Solèy la akize premye Minis defakto Alix Didier Fils-Aimé kòmkwa li ap chache enpoze yon dekrè elektoral taye sou mezi pou favorize fanmi politik li.
Daprè lidè politik la, demach sa a se yon prèv klè ki ap montre yon « elan diktatoryal » bò kote chèf Primati a, yon sitiyasyon li di ki mande yon repons prese prese nan men fòs viv peyi a.
Mete sou keksyon dekrè elektoral la, Esaïe Beauchard lonje dwèt tou sou jesyon ekonomik gouvènman an. Li denonse plizyè kontra Primati a siyen, li kalifye kòm kontra ki pa nan avantaj pèp ayisyen an ditou.
Anplis de sa, kowòdonatè ROSPO a rale zòrèy chèf gouvènman an sou pwomès li te fè yo ki pa janm reyalize, sitou sou dosye sekirite a ki rete yon gwo kase tèt pou popilasyon an chak jou.
Pou kwape sa li rele deriv pouvwa a, ROSPO deside mete tèt li ansanm ak de lòt estrikti politik enpòtan: EDE ak Ansanm Nou Fò. Objektif koalisyon sa a se kreye yon blòk politik solid ki kapab fè fòs kont gouvènman an.
Batay la pap rete nan nivo diskisyon sèlman. Esaïe Beauchard anonse gwo mouvman mobilizasyon nan lari a ki ap kòmanse depi 7 jen ki ap vini la a. Objektif manifestasyon sa yo klè : fòse Premye Minis defakto Alix Didier Fils-Aimé bay demisyon li epi kite pouvwa a.
Echojounal echojounal.net