Pou premye match yo nan gwoup E pou Koup Dimond 2026 la, seleksyon Almay la bay yon gwo demonstrasyon fòs sou ekip Kiraso a ak yon nòt selèb, 7 gòl ak 1. Match la te jwe nan Houston Stadium devan plis pase 68 000 espektatè ki te vin gade espektak. Se abit entènasyonal Al-Jayed ki te dirije deba yo nan mitan teren an.
Match sa a te mete an fas de ekip ki pa gen menm istwa ditou nan nivo sa a:
Almay: Se 21tyèm patisipasyon yo nan yon faz final Koup Dimond, kote yo deja genyen 4 zetwal sou mayo yo (1954, 1974, 1990, 2014).
Kiraso: Se te tout premye fwa (1ye patisipasyon) nan istwa ti zile Karayib sa a nan yon mondyal, yon gwo reyalizasyon soti nan zòn CONCACAF la.
Malgre Almay te domine jwèt la nèt, Kiraso te bay yon ti moman sispans ak kè kontan ki pral rete gravé nan listwa yo. Men lis jwè ki te jwenn chemen filè yo nan match la:
Felix Nmecha (6′)– Li louvri nòt la pou Almay byen bonè sou yon bèl pas Florian Wirtz.
Livano Comenencia (21′) – Li fè egalizasyon an (1-1) pou Kiraso; yon gòl istorik paske se premye gòl ekip sa a nan yon Koup Dimond.
Nico Schlotterbeck (38′) – Li redone Almay avantaj la ak yon kout tèt.
Kai Havertz (45+5′ sou penalty & 88′) – Atakan alman an fè yon double nan match la.
Jamal Musiala (47′) – Li make katriyèm gòl la nan kòmansman dezyèm mi-tan an.
Nathaniel Brown (68′) – Li te mete non li sou tablo a tou.
Deniz Undav (78′) – Li te antre kòm ranplasan epi li te patisipe nan fèt la.
Abit la, Mesye Al-Jayed, te gen yon match ase kalm pou li te jere. Malgre Kiraso te soufri anba atak alman yo epi yo te lakòz yon penalty nan fen premye mi-tan an, match la te jwe nan lespri spòtif san gwo vyolans. Pa te gen okenn katon wouj ki te distribye nan match la. Kèk katon jòn te bay pou ti fot teknik ak reta nan entèvansyon yo, espesyalman sou bò defans Kirasao a ki t ap kouri dèyè boul la.
Echojounal echojounal.net