Gadkòt ameriken sove lavi 240 migran ayisyen sou yon bato ki ta pral koule

Yon katastwòf evite nan lanmè. Gadkòt ameriken yo entsepte yon batiman ki te chaje pase makout legba ak 240 migran ayisyen sou li dapre sa chèn televizyon ameriken CBS rapòte jou ki te jedi 4 jen 2026 la.

Komisè Ladwàn ak Pwoteksyon Fwontyè ameriken an (CBP), Rodney Scott, pibliye plizyè imaj sitiyasyon an sou rezo sosyal yo. Selon deklarasyon komisè a, batiman an te twò chaje e dlo te kòmanse antre ladan li, yon sitiyasyon ki te mete lavi tout pasaje yo an gwo danje paske bato a te ap koule.

Medyal jounalistik CBS presize :
« Gadkòt ameriken yo ansanm ak ajan federal yo pèmèt yo evite sa ki ta ka yon gwo trajedi ak gwo pèt lavi moun.

Dapre premye enfòmasyon yo, entèvansyon rapid otorite ameriken yo rive sove tout moun sa yo ki te an detrès. Pou koulye a, migran yo jwenn premye swen nesesè, men menm jan sa konn fèt nan kalite sitiyasyon sa yo, gen gwo chans pou otorite yo voye yo tounen nan peyi yo nan jou ki ap vini yo.

Evènman sa a rive nan yon moman kote anpil Ayisyen ap kontinye riske lavi yo sou lanmè pou chache yon pi bon lavi, malgre gwo danje vwayaj ilegal sa yo reprezante.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Jistis : Tribinal Kriminèl bloke Phanèse R. Laguerre ak Alberto Dort

Kou dapèl Pòtoprens rejte tout rekou ansyen responsab Pwogram Nasyonal Kantin Lekòl (PNCS) yo. Phanèse …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager