Derrick Étienne Jr. : Istwa yon « Grenadye » ki ap briye nan MLS epi ki mennen Ayiti nan Mondyal

Nan listwa foutbòl ayisyen an, gen non ki make lespri moun pa sèlman pou talan yo, men pou detèminasyon yo genyen pou yo pote drapo nasyonal la byen wo. Derrick Étienne Jr., ti gason Richmond (Virginia) a ki te chwazi jwe pou peyi zansèt li yo, se youn nan non sa yo ki ap briye anpil kounye a. Pandan nou ap antre nan gwo tounwa Mondyal 2026 la, atakan zèl sa a ap reyalize pi gwo rèv li anba koulè ble ak wouj Grenadye yo.
‎Konsantre sou pakou yon jwè ki pa janm sispann goumen, ni an klèb, ni nan seleksyon.

‎Derrick Étienne Jr. fèt nan peyi Etazini nan dat 25 novanm 1996, nan yon fanmi kote foutbòl se yon tradisyon (papa l ak tonton l te jwe pou seleksyon Ayiti a tou). Li kòmanse pakou pwofesyonèl li nan gwo fòmasyon New York Red Bulls la kote li te siyen kontra « Homegrown » li an 2015. Se la li te genyen premye gwo tit li lè li te leve trofe Supporters’ Shield la an 2018.

‎Apre yon ti pasaj nan FC Cincinnati, se nan Columbus Crew li pral montre tout valè li ant 2020 ak 2022. Li te jwe yon ròl enpòtan nan final MLS Cup 2020 an, kote li te make yon gwo gòl pou ede Columbus Crew genyen chanpyona a kont Seattle Sounders. Apre li fin pase nan Atlanta United, jodi a Derrick ap evolye nan klèb Toronto FC nan peyi Kanada, kote li fèk siyen yon nouvo kontra ki pwolonje jiska lenné 2026. Nan 11 sezon li pase nan MLS la, li vin tounen yon jwè ki gen anpil eksperyans ak respè nan je tout moun nan gwo lig nò-ameriken sa a.

‎Si pakou li nan klèb enteresan, sa li reyalize pou peyi Ayiti tou senpleman majik. Derrick te chwazi jwe pou Ayiti depi nan kategori jèn yo (U-17 ak U-20), anvan li te fè gwo premye pa li ak ekip senior a nan dat 10 novanm 2016 kont Gwiyann Franse.

‎Depi lè sa a, li vin tounen yon pyès ki pa ka deplase nan sistèm Grenadye yo. Avèk plis pase 46 seleksyon (caps), 8 gòl ak 7 pas desizif, li te patisipe nan plizyè Gold Cup ak edisyon Nations League. Men, pi gwo moman glwa li rive nan mwa novanm 2025. Pandan match kalifikasyon yo kont Nikaragwa, Derrick ak rès ekip la te genyen 2-0 pou yo te ka bay Ayiti tikè pou Mondyal 2026 la. Se yon gwo evènman istorik, paske sa te pran 52 ane depi Ayiti pa te janm mete pye nan yon Koup Dimond depi lane 1974 an Almay.

‎ « Nou pa gen anyen pou n pèdi, se sa nou te vle e nou jwenn li. Nou eksite pou n remete Ayiti sou kat la epi montre lemond antye Ayiti se plis pase sa yo di nan nouvèl yo, » — Se sa Derrick Étienne Jr. te deklare ak anpil fyète pandan li te ap pale de patisipasyon Ayiti nan Koup Dimond sa a.

Yon Rèv Ki ap Kontiye nan Gwoup C a
‎Pandan n ap pale la a, je tout pèp ayisyen an fikse sou Derrick Étienne Jr. ak rès jwè Sébastien Migné ap dirije yo. Nan Mondyal 2026 sa a, Ayiti twouve l nan gwoup C a kote y ap gen pou yo afwonte gwo moso tankou Ekòs (13 jen), gwo tonton Brezil (19 jen), epi Mawòk (24 jen).

‎Kèlkeswa sa ki rive nan tounwa sa a, pakou Derrick Étienne Jr. deja montre ke ak pasyon, disiplin ak lanmou pou drapo w, ou kapab reyalize gwo mirak. Li se yon modèl pou jèn jwè ayisyen yo k ap reve rive lwen nan foutbòl entènasyonal.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Carlens Arcus: Yon poto mitan nan defans Ayiti ki ap briye nan emisfè foutbòl Ewopeyen an

‎Nan moman nasyon an ap fete yon kalifikasyon istorik pou Koup di Mond 2026 la, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager