Ayiti/Koripsyon : Alix Didier Fils-Aimé nan mitan yon gwo eskandal kòripsyon ak konfli enterè sou do Leta

Yon gwo van kòripsyon ak konfli enterè ap soufle sou tèt Leta de facto a. Daprè enfòmasyon ki sòti nan plizyè sous jounalistik, gen yon gwo manbèv ki fèt nan dosye achte dwa retransmisyon yo, kote Leta ayisyen pèdi plizyè milyon dola vèt pou founi pòch yon konpayi prive kote non Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé ap site kòm aksyonè.

Daprè sa ki rapòte, nan kòmansman, Leta ayisyen te jwenn yon òf dirèk atravè medya piblik yo pou li te achte dwa retransmisyon sa yo pou sèlman 500 000 dola ameriken. Olye pou otorite yo te sote sou okazyon sa a pou pwoteje lajan kès leta, yo chwazi fè kòbòy: yo refize achte, epi yo kite tan an pase espre.

Se la jwèt la vin mètdam. Pandan Leta fè kòmsi li pa enterese, konpayi prive Access Haiti antre nan jwèt la, li ramase dwa yo pou 1 milyon dola. Kèk tan apre, menm Leta sa a ki te pretann li pa gen lajan oubyen enterè a, tounen vin achte menm dwa sa yo nan men Access Haiti pou yon fòtin: 4 milyon dola ameriken!

Yon operasyon ki lakòz Leta fè yon pèt total kapital de 3.5 milyon dola, lajan ki ta ap kapab sèvi pou bay lopital yo fòs, ede moun ki ap kouri pou kout zam, oubyen sipòte lekòl timoun yo.

Sa ki pi rèd la nan koze a, se gwo sispèk konfli enterè ki ap peze sou do chèf gouvènman an, Alix Didier Fils-Aimé. Plizyè enfòmasyon verifye fè kwè Premye Minis la se ta yon gwo aksyonè nan konpayi Access Haiti.

Si sa ta verite, nou ta anfas yon ka kote yon chèf Leta sèvi ak pozisyon li ak enfòmasyon sekrè li genyen pou li bloke Leta, penalize popilasyon an, epi fè konpayi pa li fè gwo benefis sou do malere. Sa rele vòlò ak kòripsyon nan nivo ki pi wo a.

Nan yon moman kote peyi a nan yon kriz imanitè ak sekirite ki pa gen parèy, kote pèp la ap mouri grangou, li paka asepte pou otorite ki la pou tranzisyon an ap fè biznis sou do l. Neglijans kalkile sa a montre aklè jan lidè sa yo pa gen okenn respè pou byen piblik la.

Pèp la ap tann pou enstitisyon tankou ULCC (Inite pou Goumen Kont Kòripsyon) ak Tribinal Kont (CSCCA) pa rete bra kwaze devan gwo eskandal sa a. Limyè dwe fèt, epi si koupab yo la, yo dwe peye pou krim finansye sa a k ap ronge rès moso Ayiti a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

‎Droits humains : La Colombie devient le premier pays d’Amérique latine à interdire les mutilations génitales féminines

C’est un vote historique qui vient de se dérouler au Parlement colombien. Mercredi 10 juin, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager