Pou premye match yo nan gwoup B pou Koup dimod 2026 la, seleksyon Kata a kreye yon gwo sipriz lè li fè match nil (1-1) ak ekip Laswis la nan estad Levi’s Stadium ki nan Kalifòni. Se yon rezilta istorik pou Katari yo ki pran premye pwen yo nan yon Koup dimond deyò lakay yo.
Depi nan kòmansman match la, se ekip Swis la ki te gen kontwòl boul la epi ki te ap miltipliye okazyon yo. Dominasyon sa a te pote fwi depi nan 17yèm minit match la. Aprè gadyen Kata a, Mahmoud Abunada, te fè yon fòt sou Remo Freuler nan zòn reparasyon an, abit la te sifle yon kout pye penalite. Atakan swis la, Breel Embolo, pa te fayi epi li te make penalite a pou li te bay Laswis avantaj (1-0.)
Malgre plis pase 25 tantativ chout ekip Murat Yakin lan te fè pandan tout match la, yo pa te janm rive make dezyèm gòl la pou yo te asire viktwa a. Gadyen Katari a te fè plizyè bèl arè, epi Pedro Miguel te menm sove yon boul sou liy lan anvan poz la.
Lè tout moun te panse Swis tap pati ak 3 pwen yo, dekourajman pa te nan kan Katari yo. Nan 4yèm minit tan adisyonèl la (90+4), sou yon bèl sant Homam Ahmed, defansè Boualem Khoukhi monte pi wo pase tout moun nan dezyèm poto a pou l mete yon bèl kout tèt nan fon filè Gregor Kobel. Gòl sa a te deklanche yon gwo fèt nan estad la pou ekip Kata a.
Bilan Teknik Match la
Eskò Final: Katar – Swis (1-1)
Moun ki make gòl yo:
⚽ Breel Embolo (Swis) — 17yèm minit (Penalite)
⚽ Boualem Khoukhi** (Katar) — 90+4 minit
Sanksyon abit la (Kat Jòn)
Match la te gen kèk moman angaje, epi abit la te blije soti kat jòn li pou kalme jwè yo:
🟨 Mahmoud Abunada (Kata, 15′) — Pou fòt li te fè ki lakòz penalite a.
🟨 Jassem Gaber (Katar, 22′) — Pou yon move fòt sou Rubén Vargas.
Avèk match nil sa a, de ekip yo pataje pwen yo nan gwoup B a, sa ki kite tout chans yo anlè pou rès konpetisyon an.
Echojounal echojounal.net