Ayiti/Edikasyon/Bomon: Òganizasyon RES-AYITI lanse yon kou ratrapaj pou elèv NS4 yo, popilasyon an bat gwo bwavo

Nan lide pou akonpaye jèn yo ki ap prepare egzamen ofisyèl fen ane a, òganizasyon RES-AYITI nan tèt kole ak Lakay pou lakay, anba lòd Kowòdonatè Jeneral li, Michelet Baptiste, mete sou pye yon gwo pwogram kou ratrapaj gratis pou tout elèv Nouvo Segondè 4 (NS4) nan komin Bomon.

Aktivite sa a, ki vini nan yon moman trè enpòtan pou lavni akademik jèn sa yo, jwenn gwo sipò ak benediksyon nan men paran yo ak tout kominote a an jeneral. Dapre premye eko ki soti nan zòn nan, inisyativ sa a se yon gwo souf soulajman pou fanmi yo, sitou nan kontèks ekonomik difisil sa a kote li pa fasil pou paran yo peye lòt sipò akademik pou pitit yo.

« Se yon jès nòb ki montre angajman RES-AYITI pou edikasyon ak lavni jèn yo nan komin nan, » se sa plizyè sitwayen deklare ak anpil satisfaksyon pandan yo ap aplodi ekip la.

Pandan nou ap pwoche pi pre dat egzamen leta yo, mobilizasyon sa a nan Bomon voye yon siyal pozitif sou enpòtans solidarite kominotè nan sipòte edikasyon an Ayiti. Kominote a swete wè kalite inisyativ sa yo miltipliye nan lòt seksyon kominal yo tou pou kontinye ankouraje ekselans nan mitan jèn yo.

Nou ap fè konnen selon Michelet Baptiste nou te kontakte se yon aktivite ke yo ap òganize nan komin nan depi 2021.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Scandale en Corée du Sud : 7 ans de prison de plus pour l’ex-première dame Kim Keon-hee

Le feuilleton judiciaire qui secoue la Corée du Sud vient de franchir un nouveau cap …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager