Gouvènman ameriken mande sitwayen li ki vle ale Ayiti pou yo kite echantiyon ADN yo bay doktè yo

Nan yon nòt ki bay gwo frison, Depatman Deta ameriken an voye yon avètisman klè ak tout sitwayen li yo ki gen entansyon vwayaje an Ayiti malgre kriz sekirite a. Viris gouvènman ameriken an chanje ton fwa sa a : yo mande moun ki deside ale kanmèm pou yo pran dispozisyon pou ka kote yo ta mouri.

Dapre otorite ameriken yo, nenpòt sitwayen ki chwazi moute avyon pou l al Ayiti dwe « kite echantiyon ADN yo nan men doktè yo, ak dosye dantè yo nan men fanmi yo ». Selon sa Depatman Deta a presize, mezi sa a nesesè pou si ta gen bezwen idantifye kadav yo si malè ta rive yo.

Ayiti klase depi kèk tan nan « Nivo 4 : Pa vwayaje » (Level 4: Do Not Travel), ki se pi gwo nivo alèt gouvènman ameriken an ka bay pou yon peyi. Gwo nivo vyolans gang yo, kidnapin ki pa sispann, ak mank sekirite nan lari yo se prensipal rezon ki pouse Washington pran desizyon sa a.

Anplis echantiyon ADN nan, gouvènman an konseye moun sa yo pou yo :
Kite yon testaman (papyé dènye volonte) ki klè.
Deziyen yon moun pou pran swen pitit yo si yo pa ta tounen.
Fè yon plan sekou pèsonèl paske Anbasad ameriken an pap ka ede yo si yo an danje.

Kalite konsiy sa yo pa parèt pou Ayiti sèlman. Se yon fòmilasyon reyalistik gouvènman ameriken an itilize pou tout zòn ki nan lagè oubyen ki gen gwo danje lanmò, tankou Ikrèn, Siri oubyen Somali. Lide a se pou kreye yon chòk sikolojik lakay sitwayen yo pou yo konprann gravite sitiyasyon an.

Pandan kriz la ap kontinye paralize aktivite nan peyi a ak lopital yo, Washington vle fè konnen byen klè : moun ki pran chans ale nan moman sa a, se sou pwòp responsablite yo yo ye.
Rete konekte sou paj nou an pou plis enfòmasyon sou evolisyon dosye sa a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Ayiti/Eleksyon: KEP bay pati politik yo yon ti souf anplis pou yo anrejistre

Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) deside pwolonje peryòd anrejistreman pou gwoupman politik yo. Nan yon …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager