Ayiti/Edikasyon : CONEHQ tcheke ak Denonse plizyè derapaj nan egzamen bakaloreya yo.

Collectif National des Enseignants Haïtiens pour une Éducation de Qualité (CONEHQ) pibliye yon bilan ki tris anpil sou jan kat (4) jou egzamen bakaloreya yo te dewoule nan peyi a ane sa . Malgre anpil efò ki fèt pou sove ane lekòl la, rezo anseyan sa a mete dwèt sou plizyè gwo pwoblèm ki fèt pandan egzamen yo.

Pwemye gwo pwoblèm CONEHQ souliye, se klima ensekirite a. Nan plizyè komin nan peyi a, egzamen yo te fèt anba kontwòl ak dikta gwoup ame ki okipe teritwa sa yo san dwa ni tit. Rezo anseyan yo denonse enkapasite Leta pou li te garanti yon anviwònman san danje pou elèv ki te nan zòn ki pi difisil yo te ka pase egzamen yo nan bon kondisyon.

Sou plan òganizasyon, bilan an montre anpil mankman:
Reta nan fèy yo: Nan plizyè depatman, tèks egzamen yo pa te rive alè, sa ki deranje tout kalandriye a.

Fwit ak frod: Nan kèk komin, enfòmasyon ak detay sou egzamen yo te ap sikile nan lari byen lib, sa ki mete an doubdi kredibilite ak egalite ant tout kandida yo.

CONEHQ deplore tou jan yo te rekrite anpil nan moun ki te ap siveye ak sipèvize egzamen yo. Selon rezo a, moun sa yo pa te gen nivo akademik ki nesesè. Yo eksplike sa soti nan yon jan de rekritman ki baze sou « zanmitay politik » olye yo ta chwazi moun sou baz konpetans, eksperyans ak merit.

Sou kestion manje a, CONEHQ demanti deklarasyon Minis Edikasyon Nasyonal la, Vijonet Demero. Dapre sa yo konstate sou teren an:
Manje Programme National de Cantines Scolaires (PNCS) te distribye nan kèk sant nan zòn metwopolitèn nan sèlman.

Nan anpil vil pwovens ak lòt zòn nan kapital la, elèv yo pa te jwenn anyen ditou.

Nan kèk sant kote manje a te rive, li pa te menm gen minimòm pwòpte (ijyèn) ki nesesè.

Pandan li ap lonje dwèt sou pwoblèm sa yo, CONEHQ rann yon gwo omaj pou kouraj ak sakrifis paran yo, elèv yo, anseyan yo ak tout pèsonèl edikatif la ki te goumen pou sove ane sa a malgre tout bwa nan wou.

Pou fini, kolektif la mande Leta ayisyen pou li pran mezi konkrè san pèdi tan pou:
1. Akonpaye fanmi yo pou rantre lekòl 2026-2027 la.
2. Rann sekirite a tounen nan tout peyi a pou lekòl yo ka fonksyone nòmalman.
3. Retire politik nan jan yo chwazi responsab yo, epi mete transparans ak merit anvan tout bagay pou bay pèp la konfyans nan lekòl peyi a.

About Emmanuel Hubert

Check Also

Nouvelle Tragédie au Sein de la Police : La Policière Yanne, de la 22ème Promotion, Met Fin à Ses Jours

La série noire se poursuit au sein de la Police Nationale d’Haïti (PNH). Ce matin, …

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Partager
Partager